Jou ki te 29 Mas 1987 pèp la te lévé lal voté pou yon nouvo konstitisyon ki se manman lwa peyi a. Oligak ak lidè politik maché sou konstitisyon pandan 38 lané. Tout lidè politik, sosyéte sivil ki té konn palé de onè, respè pou konstitisyon an nan koudéta. Foli pouvwa monté nan tèt tout. Yo diw sitiyasyon yo eksepsyonèl kidonk konstitisyon an pa aplikab. Tout voum se do! Yo tout tonbé sou yon fòm ou yon lòt nan lojik konstitisyon se papye bayonèt se fè. Kiyès ki ta di sa?
Anpil manipilasyon fèt. Yo vyolé konstitisyon an, yo tòdél nan sans pa yo, yo manpilél pou bay tout kalté koudéta, militè, otogòlpe palman ak pouvwa jidisyè. Yo sispan kèk atik ladan l pou chita pouvwa krazé zo, yo réfizé apliké l. Prezidan anakopopilis maché sou konstitisyon an nan fè tout kalté solda étranjé débaké. Menm anbago li mété sou pwòp péyi li. Poutan li pat janm jijé devan ot kou de jistis. Kanta pou entèprétasyon pou bay kou sa pat janm manké. Yo barou tout kalté konsèy elektoral pwovizwa pou yo pa enstalé konsèy elektoral pèmanan. Palman tounen gagè koté gang ap goumen. Pouvwa jidisyè ap fè grèv pou koudéta Jij kasasyon ka reyisi. Koudèkont tounen zouti politik nan men oligak. Tout kalté skandal koripsyon rivé, tout kalté kòb volè pa janm gen redisyon dè kont jan konstitisyon an ekzijé sa. Nan entèprétasyon vodou politik lidè politik prolonjé manda palmantè, yo menm koupé nan manda yon prézidan jiskaske yo touyél. Téyat komik e trajik yo menm enstalé yon prézidans 9 tèt ki pa nan manman lwa péyi a. Yo amandé konstitisyon an nan koken. Trafikè a vinn prézidan apré. Lòt koken ki bezwen bay koudéta kasasyon pran pòz ke yo pa okouran ke depi 14 zan se ak amandman an 3 pouvwa léta yo ap sèvi pou pran desizyon konstitisyonèl. Konstitisyon di lè prezidan an paka ekzèse fonksyon li si pa gen palman pou mété yon prezidan pwovizwa se yon premye minis ak minis yo ki dwe dirijé pouvwa ekzekitif la. Poutan se yon koulèv a 9 tèt ki la. Se koudéta akò 3 Avril 2024 ki mété pyé sou kou konstitisyon an ki endispozé Ayiti a koulèv 9 tèt sa. Kòm van ap viré sou koulèv 9 tèt sa ki gen gwo pwoblèm oligak ak gang Viv Ansanm dakò rejwen koudeta kasasyon nan nouvo koudéta pou renouvelé sistèm nan ki toujou maché sou kou konstitisyon an. Pandan se tan Ayisien pa gen dwa jwen sékirité jan konstitisyon an ekzijé sa. Tou sa paské otorité léta nan gang épi ap maché sou mamman lwa péyi a. Sitiyasyon sa kòmansé pwovoké levékanpé, révolisyon.