Pa Anbasadè Stanley Lucas

Majorite gwo otorite sivil ki nan tèt leta dayiti nan CPT ak gouvènman Fils-Aime a nan gang. Gen kèk eksepsyon tankou Edgard Leblanc ak reprezantan legliz katolik la. Sa kreye gwo konfli yon bò ant pèp la k’ap kore lapolis ak lame paske yo vle kraze gang epi yon lòt bò tout move grenn ki nan leta ki gen relasyon ak gang ki nan diskou yo ap pran pòz yo pa nan gang men yo fon ladan’l. Sak fè sitiyasyon pi konplike toujou se paske Fritz Jean ap chache voye Fils-Aimé ale anvan li monte 7 Mas. Fils-Aimé limenm met kòb deyò nan lari a e laprès pou ajanda pal triyonfe. Batay la rèd.

Anatandan ann gade kèk ekzanp gwo otorite leta ki nan gang:

1.Militan Dikson Oreste t ap fè ale vini pote kòb leta CPT te voye pou gang yo. Lè koze sa soti sou radyo kote Dikson kòmanse pale sou relasyon CPT ak gang, CPT fè Nènèl touye Dikson Oreste dapre yon doktè ki lidè politik ki bay detay sou radyo pòtoprens. Apresa pou menase lòt radyo k’ap ankete sou relasyon leta ak gang CPT fè CONATEL fèmen emisyon Boukante Lapawòl sou radyo Mega.

2.Minis Santé Piblik Duckenson Lorte Blema voye Rosemila Petit Frère remèt 20 milyon goud leta bay gang pou operasyon louvri lopital jeneral. Rosemila kenbe 10 milyon goud leta nan pòch li epi li voye lòt 10 milyon goud la bay gang lan. Gang lan vekse dèske li pa resevwa 20 milyon goud yo te pwomèt, yo fè masak lopital jeneral. Jounalis mouri, blese, krible pa bal. CPT revoke minis lan li ramplase l pa Sinal Bertrand lavalas ki te konn al vizite chèf gang bout Jeanjean lè li te pran bal. Sinal ka fè travay gang lan pi byen.

3.Minis afè sosyal la fè 2 shèk ki totalize 18 milyon goud ki soti nan kès asistans sosyal li voye 18 milyon goud la bay gang. Eske sa deranj?

4.Minis Jistis Patrick Pelissier se li ki te avoka oganizasyon teworis Fantòm 509 lè yo tap atake ministè lajistis, boule FAES, atake ministè finans ak lòt biwo leta lè Prezidan Jovenel te la. Minis sa nan Fantòm nèt e l’ap destabilize lapolis pou Fantom.

5.Axène Joseph Direktè kabinè premye minis defakto Fils-Aime nan gang depi epòk violans peyi lòk. Se li ki sèvi a gang yo pandan violans peyi lòk pou boule 17 komisarya, 13 mache piblik, 8 Meri, 7 tribinal ak plizyè lòt biwo leta. Li chèf toutbon nan primati a.

6.Nènèl Cassy ak Antonio Cheramy alias Kato konseye Fils-Aime 2 mesye sa yo pa bezwen prezantasyon, pèp la konnen yo byen. DCPJ fèk lage manda dèyè Nènèl ki sèmante l’ap revoke tout kòmandman lapolis la. Sendika lapolis ki okouran pral fè Sit-in devan primati a. Nènèl  di lap kraze Sit- in sa .

7.Leslie Voltaire gen manda kont li nan kabinè enstriksyon pou trafik dwòg dapre Jij enstriksyon ki entèvni sou radyo semènn sa.

8.CPT ak Fils-Aime enstale youn nan dirijan oganizasyon teworis Fantòm 509 nan tèt meri pòtoprens kòm majistra enterimè. Li pibliye yon arete kote li pral kreye yon gang Fantòm nan meri a.

9.Premye Minis defakto Fils-Aime nan gang depi 2005 lè li te kandida pou sena Verite-Inite pou depatman lwès ak Kato. Bwa dwat li se te John Joel Joseph chèf gang Site Solèy ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise. Bwa dwat li se te René Momplaisir chèf gang Bwa nèf. Patron yo tout se te oligak Dimitri Vorbe alias jeneral kiki ki se non gang li.

10.Fritz Jean ki te konn kore gang lè li te chèf kabinè Aristide jodia rantre nan Fantòm 509.

Sa se te yon ti apèsi sèlman. Reyalite a pi grav toujou. Otorite leta sa yo ki nan gang ap saboté travay lapolis ak lame. Yo bezwen mete kòm direktè jeneral lapolis youn nan 3 Komisè lapolis ki te monte òganizasyon teworis Fantòm 509 ak chèf gang Vitelhomme Innocent. Si sa fèt enstitisyon polisyè a riske kraze nan men yo. Semènn sa Fils-Aime met kòb deyò pou achte manb CPT ak kèk jounalis pou fè pwojè Fantòm la vanse.

Lave men nou..!!!!