Pa Anbasadè Stanley Lucas
Jodia 21 Fevrier 2025 lan, gen gwo lese fwape politik ant otorite sivil ki andedan leta a k’ap pwoteje gang e pèp la ki mande pou lapolis, lame ak lajistis mete tout gang a kravat e gang a sapat anbakòd.

Tansyon an ogmante depi Madi 18 Fevrier lè direksyon lapolis jidisyè mete avi de rechèch dèyè Nènèl Cassy yon ansyen palmantè ki tou pwuisan nan pouvwa premye minis defakto Didier Fils-Aime a. Tansyon akselere lè pèp la kòmanse monte sou béton an pran lari an mòd de bwa kale pou rele anmwey!
Pèp la okouran ke Nènèl Cassy ki gen avi de rechèch dèyè l gen kontwòl total primati Fils-Aime a. Kavalye pòlka li Axène Joseph ki direktè kabinè premye minis ansanm ak Antonio Cheramy e Wilner Joseph ki se konseye e asosye premye minis lan. Ekip sa a te konn simaye ensekirite ansanm epòk violans peyi lòk. Men yon ti videyo rafrechi memwa pou komprann rezo sa ⬇️:
https://youtu.be/PG7wQbsBUNk?si=nZ8BX8-GKrAsFn2-
Nènèl gen kontwòl tou Patrick Pelissier ansyen avoka òganizasyon teworis Fantòm 509 ki jodi a minis lajistis ke Nènel, Fils-Aime ak Olivier Barrau kontribye mete nan pozisyon sa a.

Gang Nènèl la estime ke se yon frekansite pou direksyon lapolis jidisyè (DCPJ) mete avi rechèch dèyè l. Nènèl mande Fils-Aime ak Pelissier pou yo revoke prese prese direktè jeneral lapolis Normil Rameau ansanm ak direktè DCPJ a. Li mande pou primati a nonmen kèk komisè polis ki nan òganizasyon teworis Fantòm 509 kòm alatèt lapolis. Anatandan se nan machine Premye Minis defakto a ke Nènèl a deplase nan lari pòtoprens.
Anpil polisye ak solda lame k ap riske lavi yo chak jou nan goumen kont gang pou pwoteje pèp la, pa kapab komprann kòman otorite sivil leta sa yo nan primati ak nan CPT nan kore gang aloske nan diskou ak kominike yo ap pibliye yo pran pòz yo kont gang. Pa ekzanp lè Premye Minis defakto Fils-Aime bezwen rankontre Krisla se Wilner Joseph asosye l nan biznis zanmi, konseye l nan primati ki toujou ranje sa nan Delmas 75 lan kote yo fè reyinyon lè se pa kay Barrau. Se chèf gang Krisla Fils-Aime ak Dimitri Vorbe bay kontwòl kèss asistans sosyal nan ministè afè sosyal kote chèf gang lan resevwa 18 milyon goud leta. Afè Verite-Inite k ap regle.
Pèson pa bliye ke gwoup ame peyi dayiti ranfòse nèt se lè dirijan ak palmantè SDP-MOPÒD yo André Michel, Marjorie Michel, Antonio Cheramy alias Kato, Ricard Pierre, Evalière Beauplan, Nènèl Cassy, Axène Joseph elatrye sèvi ak gang yo pou fè violans peyi lòk nan objektif pou yo te jete prezidan konstitisyonèl peyi dayiti Jovenel Moise. Pou rafrechi memwa nou, gade la ⬇️:
https://youtu.be/FsVDKWe6sJ4?si=Ex09xOBjxBqhQJnk

Pandan peyi lòk ekip atoufè sa yo voye gang yo boule 17 komisarya lapolis, 13 mache piblik, 8 Meri ak 7 tribinal. Yo te boule tou lekòl, plizyè biwo leta ak machine malere nan lari a, gade la ⬇️:
https://youtu.be/OJZV89s82ok?si=m4Sb8KXL7jJcKdiy
Yo te fè anpil gang rantre nan sekirite palmantè pou fè violans. Jounalis ki pale verite sou yo mouri anpwazone. Tande sa ⬇️:
https://youtube.com/shorts/9L81Jp68QMg?si=V_SmAkMG5Idnrz8d

Alepòk teworis sa yo te jwen bonjan sipò jounalis ke oligak gwoup blakawout ak gwoup de boudon t’ap peye pou sal karaktè Prezidan Jovenel Moise. Jounalis sa yo tap kore violans maten, midi, aswè. Men yon ti ekzanp rafrechi memwa ⬇️:
https://youtu.be/dRt4HyRm3DA?si=bjLU40KYdJv3MBLd
Gen nan jounalis sa yo jodia ki touche nan men Fils-Aime ak oligak pou destabilize lapolis pandan yap esayé kreye konfizyon nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse la pou oligak, ansyen prezidan ak lot asasen pa anbakòd lajistis.
Se menm ekip atoufè SDP-MOPÒD, lavalas, Verite-Inite kapral ak chèf gang Vitelhomme Innocent kreye yon gwoup teworis ki rele Fantòm 509. Gwoup teworis sa fòme de polisye revoke pou krim nan lapolis. Dapre temwayaj chef gang te gen yon konplo pou Fantòm 509 touye Prezidan Jovenel Moïse nan aewopò pòtoprens 14 jen 2021 lè li te tounen soti nan peyi Turquie. Tande detay yo sou 3 videyo sa yo ⬇️:
- https://youtu.be/M6Caoi9-KJE?si=GTXMFQxt5Lxxm5kz
- https://youtu.be/_j18bC0Vpzw?si=YNQ4Kxhr8f0O4aT0
- https://youtu.be/x_o3ZvdO7CY?si=TUuWu5ZYcVtEYTwp
Palmantè kriminèl yo Antonio Cheramy alias Kato, Evalière Beauplan, Ricard Pierre, Nènèl Cassy, Printemps Belizaire ki restavèk oligak e ki abitye piye leta rantre nan politik destabilizasyon jiskaske yo touye Prezidan Jovenel Moïse paske li t’ap mete lòd nan leta lè li éliminé kote oligak t’ap volè nan kouran, nan achte e vann gaz, vòlè tou nan konstwi wout e vòlè nan sistèm bankè a. Prezidan Jovenel te efektivman elimine twaka kote oligak ak palmantè ki restavèk oligak te konn piye leta. Pou w gen yon li lidé jan palmantè volè sa yo te konn separe kòb ak pozisyon leta sou tranzisyon Privert tankou tranch gato nan salon lakay yo epi Jovenel vinn deranje sa, tande sak sou videyo sa ⬇️:
https://youtu.be/-oKLnI9KEtE?si=tXJB-8Y4SYD1c4bt
Se menm senatè gang atoufè yo Kato, Nènèl, Beauplan, Ricard ki pral lage twalèt nan sena peyi dayiti pou bloke program refòm Prezidan Jovenel Moïse e dezonore nou tout nan aksyon repiyans sa, pou verifye tande sa ⬇️:
https://youtu.be/lYeSP5RIWXA?si=xikQ5qyG6Gz33x9h
Toujou nan lide pou anpeche gran kò a fonksyone palmantè atoufè yo pral fè gang baz Cameroun atake sena peyi dayiti an septanm 2019. Sou videyo sa wap wè youn nan senatè ki òganize atak la, Kato, alèz nan mitan bandi yo. Lajistis pa janm fè l peye pousa. gade la ⬇️:
https://youtu.be/1arlVV19f2E?si=hicR50WTqSJk0ecn
Gwoup 4 senatè atoufè sa yo te tèlman santi yo tou pwisan, yo te menm rive kraze tout mèb andedan sena ayisyen an, malgre tout privilèj yo tap jwi sou do leta. Yo vire do yo nan figi tout moun san yo pa dedomaje leta menm yon santim. Gade videyo lè yo tap kraze materyèl sena dayiti ⬇️:
Tout moun te konstate ke gen
gen youn ladan yo, Ricard Pierre ki vòlè yon dèlko pou palman an. Radyo nan denonse sa fòse volè a pote dèlko a tounen. Pou plis detay gade videyo sa ⬇️:
https://youtu.be/ptUppA2pWTk?si=19RY0F-z7Qg6I4pJ
Se menm Ricard Pierre sa kapral rantre nan konplo pou touye Prezidan Jovenel Moise. Lè violans peyi lòk pa mache, li rantre nan lojik pou touye Prezidan Jovenel Moïse. Li patisipe ak Ariel Henry nan kreye òganizasyon teworis Fantòm 509 ak chèf gang Vitelhomme Innocent. Dapre plizyè temwayaj atoufè yo te gen pou yo touye Prezidan Jovenel ak konkou Fantòm 509 nan ayopò pòtoprens 14 jen 2021 lè li tounen sot Turquie.
Se menm Ricard Pierre sa ki vinn minis planifikasyon apre oligak yo touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021. Laprès rapòte jan li piye ministè sa pandan pasaj li. Pandan peryòd sa peyi a dekouvri wòl Ricard nan voye gang al boule, kraze, brize ant 2017 e 2021.
Lè li vinn minis kòm yo potko touche e jwen okenn avantaj gang ki abitye boule, kraze, brize pou Ricard Pierre te al fè revandikasyon devan ministè planifikasyon. Yo t’ap chante zak kriminèl yo te konn fè pou Ricard anvan li te minis: » Ou voyem boule mache, boule ponp gazoline mwen paka travay « . Pou konfime gade ti videyo sa ⬇️:
https://youtu.be/-7gXh1bGuVc?si=FABoXohVlTomJ9wq
Yon lòt palmantè atoufè se Antonio Cheramy alias Kato. Li se bwa dwat oligak asasen e vòlè Dimitri Vorbe, ki gen manda lajistis pou enplikasyon l nan asasina Prezidan Jovenel Moise. Li se gwo chèf kap fè e defèt nan primati Fils-Aime. Li fè liezon pou li ak kèk gang bèlè, rès gang ti makak e ak Didi kap atake Kenscoff.
Machann nan lari pòtoprens di se Kato ki konn al boule mache pou oligak Dimitri Vorbe pou mete enstabilite politik. Se pousa atis fè ti karkati sa ⬇️:

Non Kato enplike tou nan asasina jounalis Jacques Roche, gade videyo 2019 sou dosye krim sa⬇️:
https://youtu.be/RGGCkUvb5hw?si=BmOH4ftTFN_8qZC4
Non Kato site tou nan asasina Prezidan Jovenel Moïse paske li te menase prezidan an pandan li te vivan. Li te di devan kamera Prezidan Jovenel Moïse pa tap wè yon lòt 18 Novanm. Tande sa ⬇️:
https://youtu.be/mv7yX2JIEFQ?si=DQoBoWPutwNkfh7y
Non Kato asosye a plizyè gang k’ap opere bèlè, Kafou, Matisan, Site Solèy ak Fèmat. Se pati politik li ak program atis pou lapè ki pran gang Site Solèy ki al enstale yo nan Matisan ak Kafou apre 2006 dapre liv entelijans MINUSTAH ekri.
Yon lòt palmantè atoufè se Evaliere Beauplan ki te menase touye Prezidan Jovenel Moise anvan yo asasinen l.
Li al kache Orlando pou lajistis pa rele l pou men l ki tranpe nan asasina Prezidan an. Li lakòz anpil inosan mouri e blese pandan peyi lòk lè li te voye gang al lage lwil sou wout peyi dayiti. Yon zak kriminèl ki koze anpil aksidan kote anpil sitwaywen te mouri e blese. Aksidan ki te pi grav la te fèt kanapevè kote plis ke 20 moun mouri. Beauplan poko janm péyé devan lajistis pou krim sa yo. Gade 2 video sa yo ⬇️:
- https://www.facebook.com/story.php?story_fbid=2030126287023608&id=100044271017659
- https://www.facebook.com/watch/?v=235746922834333
Jodia, Nènèl Cassy, yon lòt palmantè asasen nan mawon pou zak kriminèl ak enplikasyon l nan gang apre DCPJ lage avi de rechèch dèyè l. Poutan lap sikile nan machine premye minis.
Kanta pou ansyen palmantè Printemps Belizaire chèf gang gran ravine Fils-Aime te vle mete li delege lwès. Se Printemps Belizaire ki te deklare devan kamera ak mikro laprès li abitye touye e rache moun lajistis poko janm konvoke l. Kilè sa pral fèt? Tande Printemps Belizaire sou videyo sa kap di li konn rache e touye moun ⬇️:
https://youtu.be/XZEiP3xIkPU?si=xAsIMbrHbzr8Wsni
Eske finalman gen kèk Jij nan lajistis kap pran responsabilite yo? Pouvwa ekzekitif sa ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise e ki pran kontwòl pouvwa jidisyè apre asasina Prezidan Jovenel ap pwoteje palmantè kriminèl yo. Kilè pèp peyi dayiti pral pran lari an mòd de bwa kale pou chanje sa? Antouka van nan vwèl momenntòm pèp la. Asasen yo santi pèp la pral pase yon lòt vitèss. Lari a pral cho!