Pa Anbasadè Stanley Lucas

Yon entèvyou virewon sou RFI, anpil pawòl syans fiksyon. Gade interview sa la ⬇️:
https://youtu.be/3x9iXJHk1lE?si=4NQXB6sBm9C6lfQV

Ou ta di se yon peyi ki gen pwoblèm enpòtan men ki prèske nòmal : refòm enstitisyon, eleksyon, elatriye. Wa di pa anba lap chache sipò pou koudeta elektoral yap pare. Lè Leslie Voltaire ap pale de Ayiti sou RFI, trajedi peyi a vin anestezye. Pandan l ap pale bèl pawòl syans fiksyon ki byen prezantab, peyi a menm ap penpennen nan yon reyalite chen anraje, gang ap vann ògan moun, tankou vyann nan mache. Y ap lougawou peyi a chak jou. Komsi te gen 2 reyalite nan zafè Ayiti : yon reyalite akseptab, byen makiye pou televizyon etranje, yon reyalite krazebrize pou twaka popilasyon an.

Nan entèvyou sou television franse RFI Leslie Voltaire fè yon pakèt virewon nan pale, tankou yon moun k ap eseye kreye yon reyalite ki pa ekziste, yon pawòl syans fiksyon. Anmenm tan, li pale tankou yon moun ki pa gen responsabilite nan leta. Li fè gwo akizasyon, epoutan bagay li bliye yo, yo k pi grav :

5 bagay enpòtan Leslie Voltaire bliye
1- Leslie Voltaire bliye di ke CPT a ak gouvènman Fils-Aime a, yo nan gang tou. Dosye jèn Dikson Oreste ki t ap fè liezon ant CPT e gang yo, dosye lopital jeneral kote leta voye kòb bay gang, dosye Fantòm 509 yo mete nan tèt meri pòtoprens montre CPT a Fils-Aime nan gang. Gade la:
https://lenouvelliste.com/article/226409/recherche-par-la-police-lex-maire-de-port-au-prince-ralph-youri-chevry-apprehende-en-republique-dominicaine

2- Leslie Voltaire se ansyen chèf kabinè Aristide. Anmèmtan ke l ap akize ansyen prezidan Michel Martelly pou soutire trafik dwòg, li bliye di ke se Aristide, yon monpè legliz katolik, ki te kreye gang yo an 1995 e ke li te reprezantan anAyiti pou Pablo Escobar, gwo chèf katèl dwòg Kolonbi. Li bliye peyi lafrans te mande ekstrade Jean Bertrand Aristide pou jije l an 2009 pandan pwosè chef gang Amaral Duclona li te voye touye Bernard Lauture e konsil franse Henri Moral. Pou plis detay sou istwa gang sa yo, gade la ⬇️:

3- Leslie Voltaire fè lach nan sou dosye restitisyon an e li pa di si Macron prezante eskiz bali, paske prezidan franse a te trete li ak lòt manb CPT yo tankou enbesil iresponsab.

4-Onivo sekirite, Leslie Voltaire bliye ke Ayiti gen anpil moun konpetan, byen fòme, li gen dirijan li gen enstitisyon. Yon sèl lide ki vin nan tète msye, se lage peyi a totalman nan men etranje. Sa fè pati filozofi lavalas depi plis pase 30 lane. Lavalas mete anbago sou pwòp peyi l e mande okipasyon militè etranjè plizyè fwa. Gade la ⬇️:
https://www.nytimes.com/1994/06/03/world/doubting-sanctions-aristide-urges-us-action-on-haiti.html

5- Leslie Voltaire bliye ke gang yo ap domine Pòtoprens, pandan l ap pale a. Genyen menm k ap defile gwo jounen nan lari kapital la, yon fason pou yo pase leta nan betiz, leta ke msye ap dirije konnya a, gade la⬇️:
https://youtu.be/uZId9OxGAxk?si=TLK–6wMwA_VsgjU

Fè elòj gang se rabese leta.


Afòs l ap fè jimnastik pawòl, sa vin mare pye l nan detwa kontradiksyon. Lè l ap pale de pwysans gang yo, pa egzanp. Li montre ke plis tan ap pase, plis gang yo ap vin pi fò. Avan, yo te plis nan kidnapping, men msye montre ke konnya a y ap varye y ap vann ògan moun… Sa vle di tou ke y ap varye aktivite yo, tankou yon antrepriz ki byen chita. Sa l pa wè a, se ke lè l ap montre fòs gang yo, anmenmtan, l ap montre feblès leta. Epoutan se li menm ki swadizan chèf leta a…

Bagay ki choke moun nan peyi dayiti ak Ayisien k ap viv nan diaspora a se jan masak kenscoff la fèt. Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aime fè konnen sèvis ransèyman primati a te okouran alavans gang yo tapral atake Kenscoff. Li di tou minis jistis ak minis enteryè te okouran tou ke atak sa tapral fèt. Tou lè 3 gwo chèf nan CSPN ak konsèy sekirite nasyonal peyi dayiti, kidonk poukisa 3 otorite sa yo pat bay lòd pou mobilize lapolis ak lame pou bloke atak sa? Eske Fils-Aime fè ekspre li kite masak sa fèt? Pa bliye se ekip Verite-Inite sa ak Dimitri Vorbe ki gen kontwòl gang Kafou ak Matisan ki atake Kenscoff. Gade videyo sa pouw deside si Premye Minis defakto Fils-Aime enkonpetan oubyen se volontèman li kite masak la fèt. Gade⬇️

Gwo pwoblèm ti solisyon
Lè Voltaire pale de pwoblèm dèt endepandans la, li fè yon jefò, li pale de « ranson ». Men lè jounalis RFI di misye apa w fè bak sou deklarasyon Novanm yo, Voltaire foure ke l anba vant li kòm lach. Men poukisa li pa ensiste sou nesesite reparasyon an ? Li pito pale de mete koze a nan « liv distwa »… Sa sa koute leta franse, fè yo ekri 12 liy nan liv distwa ? Poukisa li pa pale de kreye yon komisyon ki ta ka evalye dega yo e egzamine ki fòm reparasyon an ta ka pran. Sa l te bezwen bay solisyon an pou kont li, tankou yon wa ? Li se yon prezidan an tranzisyon. Nou ka poze kesyon tou, eske l ap chache volè kòb reparasyon an pou Aristide menmjan ti pè a te vòlè kòb Taiwan lan nan mande franse envestiti nan lopital privé Aristide? Ak lavalas ou pa janm konnen.

« Le Code Noir ». Pou ki Voltaire pa site atik 44 ki pi rèd la ?
Leslie Voltaire pale de « Code Noir » la. Code Noir la se te yon ti liv regleman, ki te gen 60 atik, ki te pibliye en 1685, pou òganize jan yo t ap eksplwate esklav yo. Sa Leslie Voltaire wè nan Code Noir la se ke se li ki responsab divizyon blan, nwa milat, jouk jodi a… Men tout sosyete kolonyal yo te konsa, menm lè pa t gen Code Noir. Atik ki pi rèd nan Code Noir la, se atik 44 la, ki di ke esklav la se tankou yon bagay li ye, kidonk li pa moun. Yo gen dwa vann li tankou machandiz nenpòt kilè mèt li bezwen lajan. Lè n gade byen, se atik 44 sa a ki nannan esklavaj la, se li ki baz li, se li ki motè li. Esklavaj la se fè moun tounen machandiz. Se sa k te kenbe esklavaj la. Lè n gade byen tou, gang yo trete moun nan popilasyon an tankou esklav. Yo kenbe moun, mare moun kon kabrit, vann moun, konnya a y ap vann moun an detay, vann chak ògan yonn pa yonn.

Realite nou malouk. Peyi nou bezwen desizyon solid, pawòl serye, aksyon k ap chanje sitiasyon nou. Nou pa bezwen jimnastik politisyen ak pawòl virewon. Ampil Ayisien panse 7 Fevrier peyi a ta dwe voye CPT ak Fils-Aime ale pou ramplase yo pa dè moun serye ki pa nan gang, ki pa pè blan, ki ka pè oligak e ki kon goumen pou rétabli sekirite.