Pa Anbasadè Stanley Lucas

Ki sa n ap obsève se ke yon gwo pati nan sistèm jidisyè a fin tounen yon sistèm mafia, nan tèt kole ak oligak yo. Lajistis kòmanse bliye separasyon ant 3 pouvwa : pouvwa egzekitif, pouwa jidisyè ak pouvwa lejislatif. Lajistis anvayi pouvwa politik anmèmtan l ap tonbe nan delinkans.

Kijan sistèm jidisyè a fonksyone nan peyi dayiti


Sistèm jidisyè peyi dayiti gen plizyè nivo tribinal. Pami yo ou jwen tribinal sa yo: Tribinal de Pè, Tribinal Premyè Enstans se landan yo ou jwen Tribinal koreksyonèl, Tribinal komès, Tribinal timoun, Tribinal travay, Tribinal fanm. Gen koudèkont ki se tribinal administratif e KEP ki se tribinal elektoral. Epi ou jwen kou dapèl apresa kou kasasyon ki se tribinal pi siprèm peyi dayiti. Lè kou kasasyon pran desizyon li final aloske nan lòt tribinal yo ou ka fè apèl pou di ou pa dakò ak desizyon Jij la pran. Peyi dayiti gen 18 jiridiksyon jidisyè.

Nan tèt pouvwa jidisyè a ou gen konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ) kap administre tout sistèm jidisyè a. Manb ki nan tèt CSPJ jodia se Premye Minis Ariel Henry ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise ki te nonmen yo. Ampil Ayisien a p mande kijan fè dè moun ki kwè nan lalwa kite yon premye minis ki enplike nan touye prezidan peyi a nonmen yo nan CSPJ? Men referans pousa ⬇:
https://lenouvelliste.com/article/231963/ariel-henry-remet-en-place-le-conseil-superieur-du-pouvoir-judiciaire

Dapre prezidan Renée Sylvestre, 70 pousan nan pouvwa jidisyè a ta dwe revoke


Genyen apeprè 900 Jij k ap jere tribinal sa yo. Dapre defen Renee Sylvestre ki te Prezidan pouvwa jidisyè e Prezidan kou kasasyon prè de 70 pousan nan pouvwa jidisyè a ta dwe revoke pou 4 rezon:

  1. Gen jij ki sèvi a lajistis pou fè politik e tantativ koudeta. Prezidan Sylvestre te pibliye kominike apre Jij tal fè koudeta pou kondane sa.
  2. Gen Jij ki gen kabinè avoka. Lè ou Jij ou pa kapab gen kabinè avoka
  3. Gen Jij ki nan tout kalte koripsyon. Yo fè jijman anfavè oligak pou kòb, yo nan vòlè tè, lage dwòg dilè ak chèf gang pou kòb.
  4. Gen Jij ki pa gen diplòm ak konpetans akademik pou fè travay Jij. Men yo asasinen Renée Sylvestre…
    Epòk sa a Prezidan Renee Sylvestre te fè yon ankèt. Sou baz rezilta ankèt sa Sylvestre tapral kòmanse réfòm kote nan premye lo revokasyon yo t ap gen plis pase 51 jiska 100 Jij ki t ap revoke. Mafya jidisyè a sanble vinn okouran de plan Sylvestre pou fè chanjman, yo anpwazone l epi touye misye anvan li kòmanse refòm sa yo. Apresa pou kouvri krim nan yo di se coronavirus ki touye l. Depi lè sa refòm jidisyè a antere. Kou kasasyon gen 2 nèg serye ki t ap goumen pou respè lalwa ki pase ladanl se Rene Sylvestre ak Jules Cantave. Gen kèk lòt bon Jij kasasyon ki pran retrèt yo. Oligak fè foli pouvwa politik monte nan tèt yon pakèt jij
    Jij tankou Joseph Mecène ak Wendelle Coq monte Washington plizyè fwa ak konkou oligak Reginald Boulos pou vinn chache sipò pou fè koudeta pou pran pouvwa. Tout kote yo pase Washington, a chak fwa yo te di Jij sa yo depi konstitisyon an amande an 2011 Jij kou kasasyon pa kapab prezidan pwovizwa ankò. Yo pat kontan. Yo pat dakò. Foli pouvwa politik monte nan tèt yo pirèd ak ankourajmam oligak yo ⬇:
    https://youtube.com/watch?v=mv7yX2JIEFQ Gen 4 domèn kote oligak yo jwenn piyay lajan
    Oligak kowonpi yo te rayi Prezidan Jovenel paske nan bann refòm ekonomik li t ap fè yo, li te bloke tout kote oligak yo t ap volè leta. Annou pran 4 pi gwo egzanp yo :
    1- nan zafè elektrisite, kote yo t ap volè 300 milyon dola vèt pa ane,
    2- nan achte ak vann gaz kote yo vòlè 350 milyon pa ane,
    3- nan bati wout, kote yo vòlè 1 milyon 350 mil dola vèt sou chak kilomèt wout yo konstwui,
    4-nan sistèm bankè lè y ap fè devalyasyon goud ak epi nan chanje transfè diaspora an goud. Sou chak dola vèt yo chanje an goud yo vòlè 4 goud.

Pou detwui Prezidan Jovenel Moïse oligak yo pral sèvi ak eleman pouvwa jidisyè ke yo kontwòle.

Se oligak yo ki envante 2 teyori pou fasilite tantativ koudeta Jij yo. Premye fabrikasyon an a p koupe yon lane nan manda Prezidan Jovenel Moïse a travè propagand politik yo voye lidè restavèk SDP MOPÒD ak kèk senatè repete nan radyo favorab ke yo finanse. Dezyèm manti oligak yo envante se nan fè repete sou radyo a pati de 2020 gen yon lòt konstitisyon paske vèsyon franse a pat amande yon fason pou yo ka fè koudeta via kou kasasyon. Aloske reyalite a klè depi 2011 tout desizyon 3 pouvwa leta yo pran se sou baz konstitisyon amande a. Afè lòt konstitisyon pat janm ekziste. Se ak 2 montaj sa yo epi chita pale ak Jij kou kasasyon ki pral kreye anpil konplo.

Gade kijan kasasyon fin kowonpi


Yo deside touye Jovenel pou sistèm devoran sa a pa chanje. Jis jodi a, Jij kou kasasyon nan koudeta toujou. Konstitisyon an, nan atik 149, byen presize ke yo pa ka prezidan pwovizwa ankò. Sèl jan pou mete prezidan pwovizwa Ayiti se eleksyon endirèk nan palman. Pa gen okenn lòt jan. Poutan malgre sa, depi 2 mwa politisyen ap mache nan radyo di ke yo pral mete yon Jij kasasyon ke yo deja chwazi kòm prezidan pwovizwa. Sak rèd, lakou kasasyon pa janm soti yon sèl kominike pou di konstitisyon an pa pèmèt sa. Lefèt ke yo paka defann manman lwa peyi dayiti montre byen ke kasasyon se yon gang politik.

Pouvwa jidisyè a pa pouri nan nivo kasasyon sèlman. Peyi a deja konnen 8 nan Jij ilegal ki la yo se Ariel Henry, ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise, ki mete yo ilegalman. Epoutan Ariel pat gen otorite konstitisyonèl pou fè sa. Se sèl yon sena ak yon prezidan konstitisyonèl ki gen otorite sa. Verifye la ⬇:
https://lenouvelliste.com/article/234420/nomination-des-juges-a-la-cour-de-cassation-des-organisations-mettent-en-garde-le-premier-ministre

Peyi a sonje jan youn nan 5 Jij enstriksyon ki travay sou dosye asasina a eksplike apre ankèt ke yo dekouvri Ariel te enplike jis nan kou nan touye Prezidan Jovenel Moise ⬇:
https://youtu.be/KmVVFd8Ar5c

Gen 58 lòt Jij se Ariel ki te mete yo tou sou rekòmandasyon plizyè oligak ak politisyen tradisyonèl ki restavèk oligak ⬇:
https://lenouvelliste.com/article/234781/ariel-henry-renouvelle-le-mandat-de-58-juges

Jij yo nan tout move zafè ak oligak ki se premye kliyan paske yo péyé byen e yo ofri bèl kado tankou kay, machine elatrye. Pa gen okenn desizyon jidisyè oligak yo vle ke yo p ap jwenn nan men Jij kowonpi peyi dayiti. Gen sèlman kèk Jij ki reprezante 30% pouvwa jidisyè a ki gen entegrite e ki pa nan koripsyon.

Dimitri Vorbe milyonè sou do leta ayisyen


Pa ekzanp enstitisyon leta prouve koripsyon Dimitri Vorbe nan volè 194 milyon dola vèt gaz petrokaribe nan BMPAD ak jan li t ap vòlè leta nan sifaktirasyon kouran ak konstriksyon wout. Lè leta relel nan tribinal pou koripsyon li sove ale aletranje. Apre Vorbe patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise, li jwenn yon Jij, Bredy Fabien, ki siyen yon desizyon ki di leta fè l abi, fòk yo péyé Dimitri Vorbe 54 milyon dola vèt dedomajman. Tande sa ⬇
https://youtu.be/f3i12GX4ppw?si=2und0rxEBvAQynOj

Politik koripsyon jidisyè sa plizyè oligak pratike l nan tribinal peyi dayiti kote lajistis nan pla men yo.

Oligak ak politisyen asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse chwazi pwòp Jij yo Walther Wesser Voltaire ki soti nan menm pati politik avèk yo Verite-Inite pou fè ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse. Se Paul Denis manb fondatè Inite, lè li te minis lajistis ki te mete Jij Walther Wesser Voltaire nan sistèm nan. Koripsyon tèlman rive lwen ke se 2 avoka Boulos ki ekri rapò ak òdonans sou asasina prezidan an ke Jij la siyen.

Lè ou pran dokiman dosye kondanasyon jidisyè Antonio Palacios Palacios ki se kòmandan solda kolonbi ki touye Prezidan Jovenel Moise ansanm ak dosye John Joel Joseph nan tribinal Florida li fasil pou dekouvri tout manti, fabrikasyon ak koripsyon Jij Walther Wesser Voltaire fè. Si kou dapèl Pòtoprens pa kowonpi yo te dwe deja mande arete Jij Voltaire. Dènye seyans yo fè lendi 27 Janvye pa kadre ak reyalite. Men 2 ekstrè videyo, youn se seyans kou dapèl la, lòt la se prezidan kolonbi menm jan predesesè li Prezidan Ivan Duque epi tribinal Miami konfime solda asasen kolonbi ki nan prizon Ayiti touye toutbon Prezidan Jovenel Moïse. Jij Emmanuel Lacroix, Jij Fremond Dameci ak Jij Denis Cyprien dwe fè atansyon pou nom yo pa soti lèd nan listwa peyi dayiti. Gade 2 ekstrè videyo yo la ⬇️:

Vòlè tounen jij, jij tounen vòlè
Lè Jij sistèm nan pa nan defann enterè oligak kowonpi, y ap touche nan men dwòg dilè, gang, politisyen kowonpi pou pran desizyon péyé. Lè se pa sa yo nan volè tè, volè kay diaspora elatrye. Yo nan tout kalte dil koripsyon. Ou jwen Jij kadejakè tou. Gade videyo sa pouw wè jan lapolis arete yon bandi 4 fwa nan yon mwa, Jij kowonpi lage l 4 fwa ⬇️:
https://www.facebook.com/reseaucitadelle/videos/6049636911798385

Nou obsève tou tout akrobasi, manèv koripsyon CPT ak Fils-Aime ap fè pou lage solda asasen kolonbi malgré 2 prezidan pwòp peyi yo Duque ak Petro rekonèt ke solda asasen yo efektivman touye prezidan dayiti. Lajan fè nèg yo danse.

Apre ULCC fè ankèt e konfime 3 manb CPT efektivman nan koripsyon nan volè 100 milyon goud nan bank nasyonal de kredi, grèf kou kasasyon an bay Gerald Gilles yon papye pou di okenn Jij nan peyi dayiti pa kapab rele li pou reponn kesyon sou koripsyon nan tribinal peyi dayiti. Lwa peyi a pa aplikab ak CPT ki se yon bann wa.

Manb CPT volè 100 milyon goud ransèyman ki te dwe sèvi pou amelyore anviwonman sekiritè peyi a. Lajistis pa di yo anyen. Tribinal administratif koudèkont disparèt. Tip de sitiyasyon kote lajistis ap pwoteje malandren pa nouvo. Sa dwe chanje!

Gen 3 sektè ki chanpyon nan koripsyon jidisyè se oligak yo, pati Verite-Inite ak 3 militan dwazimen. Lavalas limenm, se menase li toujou menase Jij yo pou l jwen desizyon favorab.

Kabinè enstriksyon jwenn 9 moun ki enplike nan touye jounalis Jean Dominique, dosye a bloke depi syèk nan kasasyon paske lalwa pa aplikab a yon seri de moun. Menm bagay nan dosye jounalis Jacques Roche. Dayè majistra vil okay Gabriel Fortune deklare si lajistis te mare Kato pou asasina Jacques Roche li pa t ap kap nan touye Prezidan Jovenel Moise. Tande ⬇️:
https://youtu.be/5QwenW-k6TU?si=GVnrkaj0p7nSfAY0

Sénatè Sidès Irvelt Chery voye yon lèt bay tout Komisè gouvènman peyi dayiti kote li mande yo al dèyè kriminèl ki komèt dè krim grav nan sosyete a, e li bay detay sou yo. Anyen pa fèt. Gen de moun nan sosyete a lajistis pa pou yo, gade la ⬇
https://www.haitian-truth.org/senateur-irvelt-chery-lettre-ouverte-17-novembre-2000/

Madan Claude Bernard Lauture bay tout detay nan radyo sou kiyès ki sèvi ak gang pou touye mari li, lajistis Ayiti pa janm aji kont kriminèl yo, tande ⬇
https://youtu.be/wt9XjoIAYjY?si=dFC9SEPCx_44Ncdz

Atoufè Inite touye Prezidan Komisyon mache leta Ayisien paske li refize rantre nan Koripsyon 80 milyon dola vèt petrocaribe. Lè Pitit fi l al poteplent devan lajistis yo menase touye l tou. Paske Jij yo nan pòch oligak Inite anyen pa rive asasen yo. Pitit fi Marcelo sètoblije kite peyi dayiti pou sove pò li. Pou plis detay game la ⬇️:
https://lenouvelliste.com/article/82527/menacee-la-fille-de-marcello-laisse-le-pays

Sou ti videyo sa ou pral gade la bay yon lide sou jan gang tiyè Verite-Inite ki travay pou oligak Dimitri Vorbe opere. Gade jan tiyè Inite a bay yon jèn yon bal nan tèt touye l epi yo tou deplase ak kamyonèt pou ale ak kadav la. Ekip sa kriminèl anpil. ⬇️:

Jodi a si ou se oligak, manb CPT, manb gouvènman Fils-Aime ou si ou anba proteksyon yo lajistis paka manyen w.

Lè se pa koripsyon se enkonpetans k ap vale teren kote pa gen move jesyon lajistis nan tribinal. Tande sa ⬇️:
https://youtu.be/O-dmOS2MqD0?si=mIc8UtMYW5IVYH1b

Pou mete abse sou klou lòt fenomèn koripsyon ou jwen nan tribinal se avoka k ap viole atik 56 lwa 29 Novanm 1979 ki jere pwofesyon avoka. Lè avoka a gen kliyan li dwe rekize tèt li si gen konfli enterè. Jodia ou jwen avoka k ap vann kliyan a pati ki anfas kliyan yo genyen olye yo rekize tèt. Koripsyon sa grav anpil!

Nou bezwen egalite devan lalwa ak lajistis pou nou devlope
Pa bliye demokrasi chita sou 7 potomitan. Youn ladan yo se rejim lalwa, sa vle di egalite tout sitwaywen devan lalwa. Ke ou rich ke ou pòv, ke ou chèf ke ou pa chèf, ke ou moun lavil oubyen moun mònn, ke ou milat ou nwa, lalwa dwe trete tout moun menmjan nan yon demokrasi.

Lajistis an 2025 ap mache ak zotobre sèlman. Lè lajistis fonksyone konsa, sa reprezante yon danje pèmanan pou devlopman ekonomik ak demokrasi. Lè gen sistèm enjistis nan yon peyi sa toujou mennen levekanpe. Pou peyi dayiti chanje e vinn plis jis pèp la dwe kraze sistèm enjistis sa.


Apre mèt Aspil Magloire avoka bawo mibalè epi militan dwa moun fè konnen ke moun ki touye Prezidan Jovenel Moise yo sou pouvwa epi nan lajistis, mafya jidisyè a fè gang touye mèt Magloire epi boule kò li. Gade videyo deklarasyon mèt Magloire ⬇️: