Pa Anbasadè Stanley Lucas
Yon arete ki egal yon katastròf jiridik
Nan yerachi jiridik anlè nèt, an premye pozisyon ou gen lalwa. An dezyèm pozisyon ou gen dekrè. Epi anba dekrè ou gen arete. Nan lòd jiridik nòmal sa a, yon arete pa ka vyole ni lwa ni dekrè.
Palman an vote yon lwa 29 Novanm 1994, se lwa sa a ki kreye epi òganize polis nasyonal la.
Lè ou gade byen, arete premye minis Fils-Aime pran pou nonmen Mario Andresol sekretè deta sekirite piblik, ou dekouvri misye se yon kreten e yon enkonpetan. Pou jan arete sa a ekri, nan chache bay Andresol yon pakèt pouvwa ki pa legal, li vyole lwa ki te kreye lapolis la. Li fè minis jistis la ak CSPN la tounen popetwèl. Arete sa a se yon katastròf jiridik
Yon nominasyon sabotaj
Gen yon lòt bagay ou vin dekouvri. Lè w konsidere lese fwape konsèy dè minis ki te fèt 4 Janvye a, ant CPT e Fils-Aime, sou revokasyon DG lapolis Rameau, pou yo te ka nonmen yon komisè òganizasyon teworis Fantòm 509 kòm direktè jeneral lapolis, ou konprann nominasyon Andresol la se pou sabote travay lapolis pou regle afè moun pa.
Andresol se pitit politik Preval ak Dimitri Vorbe
N ap rapele Andresol se pitit politik Preval ak Dimitri Vorbe. Li te kandida pou prezidan. Pandan li te DG lapolis la, Preval te pran gang nan Boston, Site Solèy, pou mete yo Matisan ak Kafou. Ak pwogram atis pou lapè koye, Kato te patisipe nan rekipere yon pakèt gang pou fè mobe zak pou Preval ak Verite-Inite. N ap rapele se rezo oligak Verite-Inite ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021.
Fils-Aimé tèt mato.


Yon lòt egzanp enkonpetans Fils-Aime, se ke apre 2 mwa nan tèt primati a, li pa gen okenn evalyasyon sitiyasyon sekiritè peyi dayiti, okenn strateji sekirite nasyonal pou konbat gang a kravat e gang a sapat yo. Le fè ke li kwè lapolis poukont li ka kraze gang yo san sipò lame, ransèyman ak lòt enstitisyon leta montre kijan premye minis defakto sa a pa komprann responsabilite konstitisyonèl li.
Vye arete nominasyon deskripsyon responsabilite sa a pral frajilize lapolis ak anviwonman sekiritè peyi dayiti a. Yon lòt bagay ki etonan, sekela koudèkont ak tout lòt tribinal yo bèbè poutèt koripsyon. Oganizasyon dwa moun ap manje sou tab la san yo pa di anyen. Alòske yo mete yon pwotektè sitwaywen restavèk e manipilatè ki pa kanpe sou anyen.


Tou otan peyi a pa voye CPT ak gouvènman Fils-Aime a ki nan gang ale pita pral pi tris.

Lè a rive nan respè konstitisyon an gen yon premye minis ak yon kabinè ministeryèl ki pa nan gang monte pou rétabli sekirite epi òganize eleksyon.