Pa Anbasadè Stanley Lucas
Tout bon demokrasi gen strateji sekirité nasyonal
Nan tout peyi nan mond lan kote ki gen demokrasi, prezidan oubyen premye minis, an fonksyon sistèm gouvènman ki genyen lakay yo, toujou genyen yon strateji sekirite nasyonal. Nan ka pa Ayiti, se wòl, responsabilite e obligasyon konstitisyonèl premye minis Fils-Aime pou li defini estrateji sekirite nasyonal la. Strateji sa a fèt pou gen yon pati ki disponib pou piblik la e yon lòt pati ki konfidansyèl, sa vle di ki pa nan lari. Menm anndan leta a se pa tout otorite ki gen aksè a strateji konfidansyèl sa a.

Men kijan sekirite sa a òganize
Anndan strateji sekirite nasyonal sa a, tout wòl otorite lokal yo byen defini. Wòl chak direksyon depatmantal, chak direksyon otonòm, chak ministè, wòl lapolis ak lame, wòl sèvis entelijans, anbasad yo byen presize. Sa ki konpoze strateji sa a, anjeneral, se yon apwòch global de kijan leta pral sèvi ak tout enstitisyon yo e ak tout resous yo, pou fè fas a menas entènn e ekstènn ki menase Ayiti. Peyi nou fè fas a plizyè kalte menas entènn e ekstènn.

Apre 2 mwa eske Fils-Aime ta dwe demisyone pou enkonpetans?
Fils-Aimé pa gen agiman, li pa gen eksperyans, li pa gen evalyasyon, li pa gen strateji : 3 a zero.

Anjeneral strateji sa a fèt pou ekri. Apre sa, genyen yon evalyasyon konpreyansif ki fèt de tout aktè ak tout enstitisyon leta, sou jan y ap opere sou dosye sekirite nasyonal peyi a. Depi Alix Didier Fils-Aime rantre nan primati a, tankou yon amatè san eksperyans, li pa fè okenn evalyasyon kapasite aktè ak enstitisyon leta nan kesyon sekirite nasyonal, alewè pou l ta genyen yon strateji sekirite nasyonal. Yo plis ap chache solda blan pou vinn pwoteje yo olye yo chita fè evalyasyon e prepare estrateji sa a.

Reyinyon bouyonmimi : mouch yo chanje men kakabèf la toujou la
Dayè nan konsèy dè minis 4 Janvye a, ke Fils-Aimé te òganize brid sou kou, li mete sou tab la revokasyon direktè jeneral lapolis la. Sa montre nivo lejète l, penyen lage l, ak enkonpetans li, ki danjere pou peyi a. Apeprè 30 minit apre konsèy dè minis lan kòmanse, lese fwape ak kèk manb CPT sou revokasyon sa a fè seyans lan kanpe ! Rezilta : nivo enkonpetans sa a a frajilize lapolis ak anviwonman sekiritè peyi dayiti. Pou bagay la pa dejenere Fils-Aime soti yon kominike pou di li fè lapolis konfyans alòske tout moun konnen se pa vre. Li voye tou kèk jounalis al fè kèk divèsyon nan laprès pou li. Malgré tou sa, malèz la toujou la. Gen gwo posibilite malgré divèsyon sa yo, ke lapolis ka kraze nan men yo.

Batay chen manje chen
Lòt rezon ki fè Fils-Aimé pa gen ni evalyasyon ni estrateji, se paske li rantre nan yon batay pou pouvwa ak alye li yo, oligak Vorbe, Barrau epi konpayèl li yo nan Verite-Inite. Batay sa ekziste tou ant Fils-Aime, lavalas, Pitit Desalin, SDP-MOPÒD ak PHTK. Objektif la se pa pwoteje sitwaywen yo ak peyi a kont menas entènn e ekstènn men pito ranfòse tèt yo nan pouvwa a pou fè kòb. Pou sa fòk yo elimine Pitit Desalin, lavalas, PHTK, yon pati nan MOPÒD-SDP a elatrye. Nan lesefrape sa a, gen moun ki vle mete kòm direktè jeneral lapolis yon komisè polis ki manb oganizasyon teworis Fantòm 509. Gen lòt sektè politik ki vle mete komisè polis pa yo. Ekip sa a pa enterese nan fè evalyasyon pou wè teknikman eske DG ki nan tèt lapolis la bon oubyen eske gen yon lòt Komisè ki pi kalifye ki ka fè travay la. Yo tout ap goumen pou politize lapolis.
Gang a kravat ak gang a sapat yo toujou la
Direksyon yo pran nan wout politik la fè ke yo vle elimine sèlman gang ki pa nan kan politik yo. Epi anmenmtan, y ap chache ranfòse gang tankou Fantòm 509 ak lòt ki se alye yo. Se pousa pa ekzanp yo nonmen Chevry, ki gen avi rechèch sou do li, nan DCPJ, kòm majistra pòtoprens. Aksyon katastròfik sa yo se yon repetisyon strateji pou itilize gang yo, ke Preval te fè ant 2006 e 2008. Li te fè kèk ladan yo palmantè. Apwòch sa a pral echwe, menmjan li te echwe dènye fwa a, e li pral kreye lagè, paske Fils-Aimé ak konpayèl li yo refize detwui tout gang a kravat ak gang a sapat yo. Younn nan lòt reyalite ki fè tout moun wè klè se aksyon y ap poze. Se chèf kabinè Fils-Aimé a ki te konn itilize gang pou simen vyolans nan peyi lòk. Lè n gade nan mitan moun ki prezan nan primati a, nou jwenn Nènèl Cassy ak Antonio Cheramy alias Kato, 2 chèf gang, ansanm ak kèk lòt konseye Fils-Aimé.
Pou plis detay tande sa ⬇️:
https://youtu.be/L6Wn_kQ5KSA?si=nOamh33dtb2yV0Bt
Yo pa konn ekri men yo konn kopye
Mesyedam yo tèlman pa gen konpetans sou kesyon sekirite nasyonal ke se yon dokiman mwen te ekri an 2012, y al kopye sou li, yo fè kèk chanjman pou kreye konsèy sekirite nasyonal peyi dayiti. Pou w gade dokiman mwen te ekri gen 12 an de sa, ann oktòb 2012, peze la⬇️:
https://solutionshaiti.blogspot.com/2012/10/restructurer-la-politique-de-securite.html?m=0
Yo pa renmen enstitisyon ki òganize: yo pito gwoup vyolans paralèl
Yon lòt gwo baryè ki ekziste pou retabli sekirite ak mesyedam sa yo, se nan stil desizyon ke yo pran nan leta, an fonksyon de filozofi politik yo. Yo pa kwè ke leta demokratik dwe genyen enstitisyon sekiritè tankou lapolis, lame ak sèvis entelijans ki dwe sou kontwòl otorite sivil nan respè lalwa ak konstitisyon an. Mesyedam sa yo kwè nan gang, nan anachi ak vyolans kòm zouti jesyon dosye politik.
Tout moun sonje kijan sa te kòmanse, lè ansyen prezidan Aristide leve yon maten, li pran yon desizyon ilegal pou kraze fòs lame dayiti an 1995 olye li refòme epi modènize li menmjan peyi Chili te fè sa apre diktati jeneral Pinochet a. Tande Aristide k ap eksplike kijan li kraze lame a⬇️:
https://youtu.be/J3tct5fW5Jg?si=WBpH-xdLYXf4BKOS
Anpil ti gwoup ilegal, anachik, kriminèl vin ranplase yon lame santralize
Tout moun sonje tou, apre Aristide fin kraze lame a, kijan li pral kreye premye gang yo, tankou : lame wouj, lame rat, lame ti manchèt, lame kanibal, dòmi nan bwa, bale wouze, elatrye ke li pral mete nan kraze zo, touye opozan politik, boule lekòl, boule mache, komisarya lapolis, tribinal, meri epi kidnaping ak atake malere. Alepòk lame sa yo, sa k te kòmande yo se te yon bann gwo chèf gang. Chak swadizan lame sa yo te gen ant 30 a 50 solda anba chèf gang nan. Solda gang sa yo se te timoun katye popilè pòtoprens ki te gen laj 8, 10, 12, 15 zan. Vyolans gang sa yo detwi kote popilasyon sitwayen yo reyini tankou mache, lekòl, meri.
Men non kèk chèf gang Aristide te kreye a pati de 1995:
Labanyè, Amaral Duclona, Mikanò solda Amaral, Evans ti kouto, Ronald Kadav, Une balle à la tête, Ti Gabriel, Grenn Sonnen, Ti Je, Billy, John Joel Joseph, Amyot Metayer, Ti Elizee, Jeneral Titi, Jeneral Bibi, Jeneral Kenkenn, Pablo Escobar, Kanal du van, Dom laj, Yoyo piman, Toto sheriff, Ti Robinson, Labanyè, Kolibri, Dread Vilme, Dread Makendy, Dread Iti, Tupac, Leo Messi 117, Kòmandan Demostènn, Kòmandan gwouf, Ti hougan, Ti kemso, Ti blan, Gwo Frantz, Depòte, Jean Renald Dan fè, Jah Roul, Blade nason, Tupac, Black Samèl, Franko Camille, Billy elatrye.
Eklatman fanmi lavalas an plizyè moso vinn kreye : Pitit Desalin, Lavni, Ansanm Nou Fò, Ayiti pou ayisien, NOULAH elatrye vinn konplike sitiyasyon an.
Apresa oligak yo ak plizyè lòt sektè politik an Ayiti pral rantre nan gang, yo pral sèvi ak gang yo. Sa pral fè sitiyasyon an vinn malouk jan li ye jodi a. Pou w ka komprann kòman gang yo fè okipe tout espas sa a jodi a gade ti videyo sa ⬇️ ki kouvri de 1995 a 2019:
https://youtu.be/GvtRRJxfr7I?si=2ThpH3frcTju4fTR
Touttan yo pokò respekte atik 149 konstitisyon Ayiti an, sa vle di mete yon premye minis ak 18 minis ki pa nan gang, ki pa pè blan, ki pa pè oligak e ki gen kouraj ak kapasite pou remete sekirite ak lòd konstitisyonèl la, nou pral nan pita pi tris. Anatandan li nesesè pou byen peyi dayiti pou pèp la voye CPT ak Alix Fils-Aime ale pou enkonpetans ak koripsyon.
Anbasadè Stanley Lucas se yon espesyalis nan devlopman politik ki travay an Afrik, Afghanistan ak Mwayen Oryan, Amerik Latine ak Karayib. Li te konseye espesyal Prezidan Jovenel Moïse