Pwoblèm dosye asasina Jovenel Moïse la, se yon seri ki gen anpil epizòd : yon pwokirè ki gen memwa lè sa bon pou li, yon prezidan k ap pale de met kakachat deyò, yon sityasyon ki p ap ka rete konsa. Lè y ap pale de met limyè nan blakawout, anpil ravèt kòmanse kouri chape.

EskevMarkenzy Lapointe te gen mayi nan solèy?
Markenzy Lapointe Pwokirè spesyal meriken ki t ap jere dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la anonse li demisyone pou 17 Janvye. Si nou gade byen, sa fèt anvan Prezidan Donald Trump prete sèman 20 Janvye. Nan kanpay elektoral li, Prezidan Trump te pwomèt l ap pibliye dosye konplè asasina Prezidan Kennedy, ki sekrè jodi a. Diaspora ayisyen etazini fè konnen yo pral mande Prezidan Trump pou li fè menm bagay nan dosye asasina prezidan dayiti Jovenel Moïse.

Yon pwokirè je wè bouch pe
Nan kominike pou laprès sou demisyon Pwokirè sa a, gen yon bagay dwòl : li pa di yon mo sou dosye istorik asasina Prezidan Jovenel Moise la…

Markenzy pa di nonplis kiyès k a pral jere dosye asasina prezidan dayiti a.

Éske y ap mete kakachat yo deyò ?
Pa bliye Jij Florida k ap jere dosye krim sa a pa t kontan jan yon seri dekouvèt, ki plen kakachat sou asasina sa a, te klase sekrè poutèt gwo revelasyon ki ladan l. Se pousa yo pa t soti nan lari. Jij la pat kontan e li te di li gen pou l pran desizyon sou pwosesis sekrè sa a ki pa t nòmal.

Markenzy se dezyèm gwo zotobre ki demisyone sou dosye Ayiti a. Semènn pase a Sou-Sekretè Deta Brian Nichols, ki nan depatman deta, non sèlman anonse demisyon li, men li di li tou pwofite pran retrèt li. Yon bagay ki etone ampil moun. Gade la⬇️
https://www.state.gov/retirement-statement-for-wha-assistant-secretary-brian-a-nichols/

Demisyon sa a yo kreye ampil palanpil nan mitan ayisyen diaspora a ki poze kesyon tankou : « Èske mesyedam sa yo chape poul yo paske gen ampil kakachat ki sere nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse ki poko pran lari? »

Kay koule twonpe solèy men li pa twonpe lapli
Lè Ayisien t ap gade jan dosye asasina sa a ap jere, se tankou yo te fokis sou ti kriminèl yo, alòske gwo kriminèl yo pa t janm enkyete. Se pousa lè yo t ap swuiv pwosesis jidisyè sa a, ayisyen te konn di : « kay koule twonpe solèy, men li pa twonpe lapli ». Men kominike demisyon Pwokirè sa. ⬇️
https://www.justice.gov/usao-sdfl/pr/us-attorney-markenzy-lapointe-announces-resignation