Pa Anbasadè Stanley Lucas
Nènèl pa gen nen nan figi l
Nènèl Cassy sinik ampil pou l parèt nan figi moun, nan nip pou l ap bay konferans pou laprès, kòmkwa li kont gang, alòske pandan 7 lane ki sot pase la a, Nènèl se te papa gang. Li fè peyi a ak sitwaywen yo ampil tò nan sèvi ak gang. Prezans Nènèl nan Nip e prezans Chevry nan Meri Pòtoprens se 2 lòt endikatè klè ke gouvènman Fils-Aime nan gang. Gade sou videyo sa a. Gade kijan, avèk anpil odas, Nènèl jechèch, figi di, ap bay konferans pou laprès ⬇️:
https://www.facebook.com/share/v/18Tne4mC1H/

Nènèl Cassy nan depatman Nip : sa vle di 3 bagay
Sitwaywen ki vle sekirite nan depatman Nip, otorite lokal yo ak Komisè Muscadin dwe fè trè atansyon. Prezans Nènèl nan depatman nip vle di 3 bagay:
- Premye Minis Fils-Aime ak Minis lajistis Pelissier, toulede nan plamen l. sa vle di li santi li gen anpil pouvwa e li pwuisan sou gouvènman sa a, kidonk li ka fè sa li vle san respekte lalwa;
- Li pral eseyé fizye Komisè Muscadin;
- Li pral rebati rezo gang yo soti nan depatman nip rive kafou.
Nènèl Cassy ak mesyedam SDP-MOPOD, Rika, André Michel, Beauplan, Kato pase 6 lane kote yo te sèvi ak gang yo pou boule lekòl, mache, komisarya lapolis, meri, tribinal epi atake pèp la pandan peyi lòk. Ampil moun te viktim anba yo. Men yon ti videyo rafrechi memwa pou w gade. Peze la a ⬇️: https://youtu.be/FsVDKWe6sJ4?si=wlVvHtb0xLwJtdVo
Nènèl Cassy te gen gang soti Ansavo rive Kafou. Se lapolis, Komisè gouvènman Muscadin ak otorite lokal yo ki kraze enfrastrikti gang sa a nan nip. Lè Nènèl Cassy te fè tantativ an fòs pou vinn lage gang sa yo ki te nan prizon Komisè Muscadin te mete Nènèl anbakòd. 4 ti videyo sou sa, Gade⬇️
- https://youtu.be/s3XKi-x4SV8?si=0LIav7EhpTEP_mIy
- https://youtu.be/CiiiYWfQJc0?si=jXk4DYW3vUWzpuN4
- https://youtu.be/5ZidBxW0SD4?si=WIFU55jy_-ARJtBX
- https://youtu.be/vpwifwJg-aM?si=l5MO7D2EQi6Di2qx Gen fantom ki poko disparèt
Chèf gang Vitelhomme Innocent te fè konnen se limenm ak Nènèl Cassy, André Michel ak SDP ki te monte mouvman teworis Fantòm 509 ki te atake ministè lajistis ak finans, lapolis ak popilasyon an. Tande⬇️:
https://youtu.be/M6Caoi9-KJE?si=SpFz4MiTn8z5G4xE
Lapolis ak lajistis pral kenbe tou Nènèl Cassy nan asasina òm dafè e diplomat Matilus Pierre. Li sèvi ak infliyans politik e ak oligak pou l fè presyon sou direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) pou lajistis pa rive sou li. Gade ti videyo sa⬇️: https://youtu.be/-f6E49wKqXo?si=k9LUlwYFzw08bk2m
Fòk nan pwen pou l pa jwenn : Nènèl Cassy te nan manje kòb Petrokaribe a
Nènèl Cassy patisipe nan volè kòb petrokaribe. Se pousa an 2 fwa li mande amnisti. Tande detay yo⬇️:
- https://youtu.be/q-YbBaT6NYo?si=-srOlKi3z8TbbtIt
- https://youtu.be/EVHDJoDTTq0?si=TgiefgWyXERpYzGe
- https://youtu.be/DodBkrzIvx8?si=QEnI3LpodLLcUUXz
- https://youtu.be/-0W-PQDxF8A?si=lz6TN3zljymIl-yQ
Finalman pou chape poul li nan tout dosye koripsyon peyi dayiti e nan volè kòb petrokaribe, Nènèl Cassy te deklare nan emisyon ranmase ke li pral achte prezidan kou siperyè dè kont lan Rogavil Boisguene ki pa janm demanti sa. Tande ⬇️:
https://youtu.be/B_DEFwW9-vY?si=MCcAlGgNW0LBjDcR
Gédeon Jean ak Nènèl Cassy, kòkòt ak figawo
Pa bliye apre asasina Prezidan Jovenel Moïse la, Gédéon Jean, yon konpayèl Nènèl Cassy te fè tantativ pou sèvi ak Rogavil Boisguene prezidan koudèkont pou remete Madan Wendelle Coq, ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse, nan kou kasasyon, pou bali iminite, yon fason pou lajistis pa poze l kesyon sou krim nan. Li te echwe. Apre krim nan, Madan Coq te gen pou l nonmen Gédéon Jean minis lajistis. Pou plus detay tande sa ⬇️:
https://youtu.be/8RD4z7rWPnw?si=wUQoit-dMSSjED9F

Anpil mangous nan poulaye sou gouvènman Fils-Aimé a
Gouvènman Fils-Aime ap pwoteje gang a kravat yo e l mete yo nan pozisyon sekiritè enpòtan, anndan enstitisyon leta yo. Chèf kabinè Fils-Aime nan primati a fon nan gang depi epòk peyi lòk. Plizyè konsèye Fils-Aime nan primati fon nan gang. Minis lajistis Fils-Aime se oligak ki nan gang ak ansyen senatè ki nan gang ki mete l. CPT ak Fils-Aime enstale yonn nan chèf oganizasyon teworis Fantòm 509 nan meri pòtoprens. Fils-Aime ap pwoteje Nènèl nan DCPJ epi deplasman li pou l al bati gang nan Nip. Sa fè pati de yon estrateji elektoral pou Jocelerme Privert. Privert se kandida oligak Dominiken tou. Pinga n bliye ke li bay anpil tè peyizan sou fwontyè nan depatman nòdès.

Gang ak gouvènman, gouvènman ak gang : abitid se vis
Nènèl desann nan nip al fè entimidasyon sou tout otorite lokal nan nip kap goumen kont gang depi 6 lane, kòmkwa li pral fè revoke yo. Sa inakseptab!
Pèp la pa dakò pou Nènèl ki gen dosye lajistis pou koripsyon, krim ak gang e ki anba sanksyon entèsyonal ap fè tout dega sa yo.
Bagay yo pral gate paske CPT, gouvènman Fils-Aime a, ap kore bandi. Dènye tantativ Fils-Aime pou mete yon komisè Fantòm 509 kòm DG lapolis montre kòman Fils-Aime fon nan gang.
Lè lajistis pa fonksyone kòmilfo kont gang, bandi, kriminèl a kravat sa yo, sa kreye inegalite, enjistis. Lè lajistis nan men mafya, sa kreye gwo revòlt. Sitiyasyon enjistis total sa yo toujou kreye levekanpe ak enstabilite politik. Peyi dayiti pòtre yon chodyè kap bouyi ki pral eklate.