Pa Anbasadè Stanley Lucas
– Lè Prezidan Jovenel Moïse te bay lapolis lòd pou kraze gang vilaj de Dieu, se oligak Dimitri Vorbe ak Pierre Esperance ki te kanpe anfas epi sabote entèvansyon sa. Oligak Dimitri Vorbe ki te resevwa enfòmasyon nan men yon komisè lapolis sou jan entèvansyon pral fèt te pataje enfòmasyon an ak chèf gang Izo via yon mesaje. Rezilta, 5 polisye mouri asasina pa gang Izo. Se Dimitri Vorbe ki te fè konnen tou tout moun yo kidnape se nan vilaj yo mennen yo. Kòmandan Izo, se Dimitri Vorbe chèf finansye Verite-Inite. Li se chèf Fils-Aime tou
- Oligak Vorbe, Boulos elatrye ki se bòss CPT e bòss Fils-Aime ak minis yo, oligak yo nan gang
- Asasina militan Dixon Oreste montre jan manmb CPT yo fon nan gang tou.
- Prezans Nènèl Cassy, Kato, Joseph elatrye nan primati a montre klèman premye minis Alix Didier Fils-Aime nan gang.
- Lè nou konsidere CPT ak Fils-Aime nonmen chèf mouvman teworis Fantòm 509 majistra pòtoprens epi yo konsidere Printemps Belizaire kòm delege lwès, sa montre aklè yo tout nan gang.
- Kidonk poukisa nou sezi minis sante piblik la ak lòt minis ap negosye ak chèf gang? Yo tout nan gang.
- Poukisa ou sezi se Rosemila Petit Frère (manb Verite-Inite) ki negosye 20 milyon goud ak gang yo pou minis lasante dapre Gyovani? Yo tout nan gang
- Ou pap janm ka kraze ensekirite a tou otan ou gen otorite leta ki nan gang