Otè Anbasadè Stanley Lucas

Leslie Voltaire yon manm KPT Ayiti vwayaje Venezuela kote li di li rekonèt Nicolas Maduro kòm Prezidan Venezuela aloske gen gwo goumen ant limenm ak opozisyon an ki di se yo ki genyen eleksyon yo e yo gen kopi pwosè vèbal pou montre sa. Jiskaprezan kominote entènasyonal la poko rekonèt Maduro. Anmenm tan Voltaire mande Maduro èd ekonomik.

Pi gwo ekspòtasyon peyi dayiti chita nan sektè asanblaj la ke nou rele faktori. Se a travè sektè sa nou voye vann aletranje pou 975 milyon dola vèt chak ane. An Ayiti sektè sa kreye 60 mil jòb dirèk e 20 mil jòb endirèk nan transpò, sèvis elatrye. Sak pèmèt nou benefisye de sa se yon lwa ki rele hope kongrè meriken toujou vote grace a lobby asosyasyon òm dafè peyi dayiti ADIH e Stanley Lucas kont fè nan kongrè meriken.

Ayiti benefisye tou de transfè ayisien kap travay etazini ki reprezante 4 Milya 200 milyon dola vèt chak ane. Èd gouvènman meriken bay Ayiti pa ane reprezante 100 milyon dola vèt. 85% èd sa al jwen ONG ak kontraktè meriken.

Nouvo administrasyon Trump lan kap rantre 20 Janvye te di pandan kanpay la gen posibilite pou yo takse kòb transfè diaspora.

Kongrè meriken an te gen poul vote Vandredi lwa bidjè a ki te gen ladanl lwa hope la ki pèmèt Ayiti eksplwate avantaj sa. Depite meriken yo retire hope nan bidjè ki vote Vandredi. Si sa rete konsa nap pèdi 975 milyon dola vèt ak 80 mil jòb.

Desizyon sa ke kongrè a pran eske se yon siyal klè depite meriken yo voye bay Leslie Voltaire?

Tout moun konnen apati de 20 Janvye kap vini la pral gen gwo lese fwape ant Washington e Venezuela. Sekretè deta kap monte la, Marco Rubio, yon kiben ameriken pral konfronte Venezuela sou dosye gang tren de aragua ki toupatou ozetazini. Pral gen gwo tansyon tou sou relasyon ant Cuba e Venezuela e dosye demokrasi tou. Pèp la dwe kale jel sou dosye sa pou Ayiti pa pran kou ladanl.

  • Anbasadè Stanley Lucas se yon espesyalis nan devlopman politik ki travay an Afghanistan, Mwayen Oryan, Afrik, Amerik Latine ak Karayib. Li te konseye Espesyal Prezidan Jovenel Moïse