Otè : Anbasadè Stanley Lucas

Istwa ak relasyon ant CARICOM avèk Ayiti pa bon e li pa t janm bon vre, menmsi gen pran pòz ki t ap fèt. Depi peyi dayiti rantre nan oganizasyon sa yo, yo pa janm regle anyen serye pou pèp Ayisyen.

Yon jalouzi istorik
Gen kèk peyi CARICOM yo ki pa janm renmen Ayiti paske yo jalou dèske se Ayiti ki pèmèt ras nwa soti nan esklavaj. Se sa k fè malgré Ayiti se manb òganizasyon an, yo pa vle sitwayen ayisyen vwayaje san viza lakay yo men sitwayen nan tout lòt peyi ki manb CARICOM, yo menm yo gen dwa vwayaje san viza ale nan lòt peyi CARICOM yo.

Pèp Ayisien konnen otorite Bahamas ak Dominiken se 2 peyi nan rejyon an ki tout lajounen ap vyole dwa Ayisien san CARICOM pa janm di yon mo sou sa.

Je wè bouch pe
Kèk ameriken kowonpi ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse kache dèyè kèk peyi CARICOM, pou yo ka ekzekite plan pou vinn volè sak anba tè peyi dAyiti. Malgre yo okouran ke gouvènman dominiken an ap vann bandi yo bal pou touye pèp la, gouvènman CARICOM ak ameriken ki nan koripsyon yo pa di anyen sou sa. Okontrè se zafè pa yo epi zafē ti zanmi kap regle.

Òganizasyon entènasyonal : bat dlo pou fè bè
Nou sonje depi MICIVIH (Mission Civile Internationale en Haïti, 1993-2000), Collin Granderson, zotobre infliyan nan CARICOM, Frederick Mitchell, Minis Afè etranjè Bahamas, se afè oligak epi afè Aristide ak lavalas yo toujou regle. Bahamas, Jamaique ak Trinidad nan yon konplo kont Ayiti ak kèk blan kowonpi ameriken ak kanadyen pou vinn volè sa k anba tè peyi dayiti.

Aristide : yon gwo mandyan entèvansyon etranje
Pa bliye Aristide toujou pare pou vann nou tout ayisyen tankou ti sale pou l ka regle zafè pèsonèl pouvwa ak lajan. An 1994 Aristide siyen akò Paris, li te siyen tou pou 22 mil solda meriken debake sou tè Dessalines an 1994 e an 1995 pou 17 mil solda nasyonzini debake. Lè li te gen pwoblèm an 2004 li te di nasyonzini voye 3 mil solda sèlman.

Akò Paris a : travay Bouki
Nan zafè akò Paris a, tout antrepriz leta ki te konn ranmase kòb nan vann pwodwuy bon mache epi bay pèp la travay, yo vann sektè sa a pou ti monnen bay oligak yo ak blan. Apresa oligak yo monte pri tout pwodui yo.
Se nan zafè akò Paris a ,Aristide te siyen, ke oligak ak blan kowonpi volè minotri dayiti, teleco, siman dayiti elatrye. Apre sa, Aristide te parèt nan figi nou pou l di li fè yon ti dezòd, ki poutan te krim ot trayizon.

Avokat Mireille Durocher Bertin : yon martir pou lajistis
Avokat Mireille Durocher Bertin te mande ki kote nan konstitisyon an trèt sa jwen otorizasyon pou l fè dega sa yo. Aristide te fè touye Madan Bertin pou l pa jije pou krim ot trayizon. Yo bali 36 bal. Jou asasen yo touye l la, li te ansent e li kite 4 timoun dèyè.

Koudeta yo fè 3 Avril 2024 pou vyole konstitisyon peyi dayiti epi enstale yon KPT, se vyolasyon atik 149 la. Lidè CARICOM pap fè sa lakay yo. Poukisa nap tolere yo vinn fè krim lakay nou?

CARICOM : yon tanbou 2 bounda
Se CARICOM ki vini avèk kèk eleman lavalas ak PHTK ki kreye fòmil konsèy prezidansyel sa. Se espre yo fè paske yo konnen nan istwa peyi nou yo te deja eseye fòmil sa ki pa janm bay rezilta e fòmil sa pa kadre ak konstitisyon an.
Pou montre nivo ipokrizi ak blòf CARICOM, malgré sa yo di an Jiyè 2021, asasina Prezidan Jovenel Moïse la se yon menas pou sekirite rejyon an, yo pa janm monte yon komisyon ankèt pou wè kiyès ki fè krim saa. CARICOM pa janm mande OEA oubyen komisyon entèameriken dwa moun (CIDH) fè yon ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise alòske yo konnen asasen ki touye prezidan an pran kontwòl sistèm jidisyè peyi dayiti a.

CARICOM poko janm mande nasyonzini sanksyone Prezidan Luis Abinader ki nan asosyasyon ak oligak ayisyen tankou Vorbe ak Boulos voye ki 900 mil bal bay gang ki touye 45 mil Ayisyen. Yon sèl bagay CARICOM enterese se fè koudeta ak politisyen ki pa reprezantatif pou enstale yon gouvènman poutchis popetwèl ki pa respekte pèp la ak konstitisyon an.

Majorite pati ka pral chita nan reyinyon CARICOM deja gen zewo kredibilite nan je pèp la pou enplikasyon yo nan koripsyon, nan gang ak asasina Prezidan Jovenel Moïse. Yo pa kapab gen eleksyon. Se pousa yo kwè nan kontwole konsèy elektoral pou fè tantativ koudeta elektoral.

Mobilizasyon pèp la kòmanse pran fòm
Sa k enteresan nan tout dezòd sa yo, seke pèp la ap veye volè ak gangstè yo. Mobilizasyon an tèlman kòmanse pran fòm, ke gen pati volè ak gangstè k ap pibliye kominike pou di yo pa nan KPT ankò e ke KPT a se yon echèk. Kòmsi pèp la pa komprann se yo ankò ki responsab echèk sa a pou jan yo piye kòb leta e jan yo nan gang.
Sitiyasyon an pral pete nan figi yo, se pousa tèt yo cho.

  • Anbasadè Stanley Lucas se yon espesyalis nan devlopman politik. Li travay nan Afghanistan, Mwayen Oryan, Afrik, Amerik Latine ak Karayib