Otè Anbasadè Stanley Lucas*

Jou ki te 7 Jiyè 2021 oligak ak politisyen asasen peyi dayiti fè yon koudeta kote yo masakre epi touye Prezidan konstitisyonèl peyi dayiti. Pouchis yo enstale kòm premye minis Ariel Henry, youn nan patisipan nan krim sa. Depi lè sa gen goumen pou pouvwa nan mitan pouchis yo. Oligak yo ak kèk politisyen sèvi ak gang yo te konn mete deyò pandan operasyon violans peyi lòk pou voye Ariel ale. CPT sèvi tou ak chèf gang yo pou voye Garry Conille ale.

Apre koudeta 3 Avril 2024, pou pran pouvwa, yo kreye yon strikti ilegal e enkonstitisyonèl I ki rele CPT. Yon bagay ki pòtre teyat komedyen yo kreye 9 prezidan.

Depi lè sa Aristide ki jwen pòs nan CPT a pa vle moso pouvwa sèlman, li vle tout pouvwa a. Se pousa lavalas nan 2 tantativ koudeta.

Premye a Aristide vle fè yon koudeta pou voye tout manm CPT yo ale sof Leslie Voltaire yo vle kenbe kòm alatèt pou yo pran tout pouvwa a.

Kòm CPT a nan volè, nan gang e nan touye militan epi lari a ka dechoukel, Lavalas pare yon dezyèm tantativ koudeta. Yap itilize doktè Frantz Large, ansyen depite peyi lòk Serge Jean Louis ak kèk lòt politisyen opòtinis ki dèyè volè lajan leta pou fè yon lòt tantativ koudeta. Yo vke fòse nan gòj pèp la yon Jij kowonpi kou kasasyon kòm prezidan pwovizwa.

Bagay jij kasasyon prezidan pwovizwa pa nan konstitisyon an ankò depi apre amandman 2012 yo. Tantativ koudeta sa ilegal e enkonstitisyonèl. Menmjan CPT a ilegal e enkonstitisyonèl tou.

Konstitisyon an klè nan atik 149 li. Men sa atik 149 la di: « Si Prezidan peyi a paka ekzèse fonksyon li, si pa gen yon palman pou mete yon Prezidan pwovizwa, se yon premye minis ak minis yo ki dwe dirije pouvwa ekzekitif jiskaske eleksyon fèt. »

Konstitisyon an pagen ni CPT ni kasasyon ladanl. Si mesyedam sa yo vle respekte konstitisyon an se yon premye minis yo dwe chwazi.

Nap rapele tou Jij kou kasasyon ki la yo ilegal, se Ariel ki te mete yo. Li pat gen dwa sa. Se sèl yon Prezidan ak yon sena konstitisyonèl élu pa pèp la ki gen dwa spesyal sa. Pouw gade jan lajistis pouri e nan koudeta gade videyo sa ⬇️
https://youtu.be/GjkqW_nS1W4?si=eCo7aaTMOKHt_9Uh

Nan dèyè volè pouvwa Aristide bliye se nan fè violans pou pran tout li te pèdi pouvwa a an 2004 fas a gang li te kreye. Nan pa respekte konstitisyon an ak règ jwèt politik yo, yon jou maten chef gang Krisla, Izo, Barbecue ka di yap kreye CPT pa yo.

Gen yon aspè moral demokratik tou. Asasen paka finn touye yon Prezidan pèp chwazi nan eleksyon epi se menm kriminèl yo ki touyel ki bezwen prezidan. Si Ayiti respekte tèt li e Jan konstitisyon an ekzije sa, pwochen Prezidan an se pèp ki dwe chwazil.

Jan konstitisyon an mandel lè a rive pou peyi dayiti fè konsansis sou yon premye minis ki pa nan gang menmjan ak Fils-Aime e CPT, ki gen kouraj ak konpetans, ki pa pè blan, ki pa pè oligak pou retabli sekirite epi òganize eleksyon pou retounen Ayiti a lòd konstitisyonèl.

  • Anbasadè Stanley Lucas se yon espesyalis nan devlopman Politik ki travay nan Amerik Latine, Karayib, Afrik, Afghanistan ak Mwayèn Oryan. Li te konseye espesyal Prezidan Jovenel Moïse.