Otè Anbasadè Stanley Lucas*

Gen yon pwovèb ki di sak sanble rasanble. Ampil moun estomake pou wè Nènèl Cassy yon delenkan Komisè Muscadin te arete pou gang epi ki enplike nan touye diplomat ayisyen Matilus chita nan primati kòm konseye premye minis ap fè twit.

Nènèl te gen yon rezo gang ki soti Ansavo ki rive jis Kafou. Gang Nènèl la te enplike nan touye polisye tou. Se Komisè gouvènman Muscadin ki kraze gang sa a. Se menm Nènèl sa a ki enplike nan touye militan Dixon Oreste (Pitit Desalin) selon plizyè sous. Dixon Oreste te nan konvèsasyon ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aime e chèf kabinè li Axène Joseph. Kisa ki motif krim sa a kote mesyedam sa yo touye pwòp pitit gason yo Dixon Oreste? Oligak ki bòs tout moun sa a yo se Dimitri Vorbe alias Jeneral Kiki (nom gang li).

Twit Nènèl la deranje tout moun ki vle sekirite ak estabilite tounen nan peyi dayiti. Nan twit sa Nènèl fè a gen 2 bagay ki atire atansyon tout moun.

  1. Li vle primati a al achte zam, men se pou distribye bay gang li yo.
  2. Li vle mete moun pal nan komisyon dezameman (CNDDR) pou al bay gang non moun ki enfiltre yo pou yo ka touye yo e anpeche leta, lajistis, lapolis jwen bonjan enfòmasyon.

Sitiyasyon sa grav ampil! Kijan fè gang Nènèl la, ki gen Kato ladanl rive chita andedan leta nan primati pandan pèp la mobilize kont gang?

Kijan ou panse yon polisye ou yon solda lame ki abitye tande nan radyo nouvèl sou kriminèl sa a pral reyaji sou dosye sa? Polisye ak solda lame ap konbat gang nan lari a epi patron gang yo, Nènèl, chita nan primati e lòt patron gang yo chita nan CPT. Kèt! Gade videyo sa yo pou rafrechi memwaw: ⬇️⬇️

Chwa premye minis Fils-Aime fè nan nonmen Axène Joseph ,(lavalas) direktè kabinè li nan primati bay tout sitwaywen peyi dayiti gwo kè sote paske yo sonje asosyasyon politik li ansanm ak dega li fè pandan peyi lòk. Axène te nan biznis zangi ak zam ak Kiko e premye minis lan. Sepa pa aksidan Wilner Joseph la tou. Wilner te Al kache an France lè yo te arete Sandro Joseph pou koripsyon nan ONA. Wòl prensipal Axène se pou manipile primati a pou Aristide ak Vorbe.

Pandan peyi lòk Axène Joseph te jwe yon wòl kle nan MOPÒD ak SDP nan violans nan lari Pòtoprens. Axène te itilize gang yo pou boule komisarya polis, boule tribinal, boule lekòl, boule mache epi fè violans sou malere ki te nan lari. Li te travay ak Printemps Belizaire e Milien Romage pou fè violans sou sosyete a. Men yon videyo rafrechi memwa sou chimè ki tap fè violans pou li alepòk: ⬇️

Axène Joseph te direktè kabinè Rika Pierre lè li tap piye ministè planifikasyon sou Ariel. Rika te mande entèvansyon militè etranjè pou vinn pwoteje l kont gang li kreye. Se Axène ki te konn voye tire sou manifestasyon lè Rika te minis planifikasyon. Se lè sa tou pèp la idantifye chimè ki te konn boule pou yo pandan peyi lòk paske yo te vinn mande touche devan ministè planifikasyon pou sa yo te konn boule pandan peyi lòk. Men 3 ti videyo pou verifye: ⬇️

https://youtu.be/-7gXh1bGuVc?si=MwyHwXTdyeuPeToe

Mesyedam sa yo te sèvi ampil ak chèf gang Vitelhomme Innocent pandan peyi lòk, anvan epi apre asasina Prezidan Jovenel Moïse. Yo te pwomèt chèf gang Vitelhomme kèk direksyon jeneral nan leta a. Men kèk videyo rafrechi memwa:

Ekip gang Fils-Aime a sèvi ak violans gang yo pou voye Ariel Henry ale epi enstale CPT. Yo itilize violans gang yo tou pou voye Garry Conille ale. Primati Fils-Aime sa se yon primati ki fon nan gang. Li pap kapab rezoud pwoblèm sekirite a.

Jodia yo gen 2 tantativ koudeta ki sou wout tou. 2 koudeta yo gen menm objektif, pran kontwòl laprezidans.

Gen koudeta CPT a pou ke se Leslie Voltaire sèlman ki rete epi gen koudeta kou kasasyon kote Aristide yèswa fè reyinyon ak Jij li vle mete. Nan konstitisyon an CPT pa ekziste. Moun ki konplote pou fè koudeta pou mete CPT a komèt yon akt trayizon kont pèp la e peyi a.

Se menmjan tou Jij Kou Kasasyon pa kapab Prezidan pwovizwa peyi dayiti ankò. Yo te retire sa nan konstitisyon an lè amandman yo te fèt an 2012. Amplis is lajistis pouri nèt. Joseph Mecène, Jij Kou Kasasyon al fè tantativ koudeta ak André Michel sou lòd ak kòb oligak Reginald Boulos. Jij Ivickel Dabresil al fè tantativ touye Prezidan Jovenel Moïse nan abitasyon tibwa sou lòd oligak Dimitri ak Jean Marie Vorbe. Jij Morin ak Jij Noëlcius manipile dosye lasalin pou fè manda ilegal kapral pèmèt asasen yo touye Prezidan an. Jij Wendelle Coq pral patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Sak pirèd Jij ki ka jodia a nan Kou Kasasyon ilegal paske se Ariel ki mete yo. Li patgen ni fwa ni otorite kojstitisyonèl pou fèsa. Se sèl yon sena ak yon Prezidan pèp la chwazi nan eleksyon ki gen des sa. Pouw wè jan lajistis pouri gade ti videyo sa: ⬇️

Pou fè fas a violans gang yo e tantativ koudeta yo, gen 2 solisyon:

  1. Kraze CPT a, mete yon nouvo premye minis ak yon kabinè minis ki pa nan gang, ki pa pè ni blan ni oligak e ki gen kouraj ak konpetans pou fè travay la;
  2. Pèp la levekanpe an mòd de bwa kale
  • Anbasadè Stanley Lucas se yon espesyalis nan devlopman politik ki travay nan Amerik Latine, Karayib, Afrik, Afghanistan ak Mwayen Oryan. Li te konseye espesyal Prezidan Jovenel Moïse.