Otè Anbasadè Stanley Lucas

Gédéon Jean bezwen rantre nan KEP pou al fè koudeta elektoral. Gade lobby lap fè➡️ https://vantbefinfo.com/des-structures-de-la-societe-civile-exigent-la-completion-du-cep/

Depi plizyè ane Gédéon Jean pa militan dwazimen ankò. Li se yon aktè politik trè patizan kap goumen pou pran pouvwa politik. Pozisyon politik li pran kòm lidè politik kap pran pòz dwazimen disponib sou YouTube nan plizyè emisyon ranmase ak lòt radyo nan pòtoprens.

Gédéon Jean patisipe nan tantativ pou eliminé kandida Jovenel Moise nan komisyon verifikasyon prezidansyèl Jocelerme Privert an 2016 nan palè nasyonal. Nan komisyon sa Gédéon Jean fè gwo manipilasyon kote li fè eliminé plizyè milye vòt kandida Jovenel Moïse. Objektif li se te pou mete kandida Jovenel Moise deyò nan eleksyon an, li te echwe.

Gédéon Jean ede nan tout tantativ koudeta ki fèt kont Prezidan konstitisyonèl peyi dayiti Jovenel Moïse de 2018 jiskaske asasen yo touye prezidan an Jiyè 2021.

Gédéon Jean se konplis Jij Wendelle Coq nan asasina Prezidan Jovenel Moïse. Se Gédéon Jean ki tapral minis jistis Wendelle Coq ki te vle enstale tèt li kòm Prezidan pwovizwa apre li patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè. Yon bagay moun fou paske atik 149 konstitisyon pa pèmèt Jij kou kasasyon prezidan ankò. Amandman 2012 la retire kou kasasyon nan laprezidans e politik.

Apre asasina Prezidan Jovenel Moïse, lè lajistis ak lapolis lage avi rechèch dèyè Jij Wendelle Coq ki nan kache pou patisipasyon li nan touye Prezidan Jovenel Moïse, se Gédéon Jean kal fè tantativ magouy ak zanmi li nan kou siperyè dè kont pou te esayé remete ilegalman Madan Coq nan kou kasasyon pou bali iminite pou lapolis pa aretel. Gédéon Jean te fè interview nan radyo karayib pou esayé enpoze magouy sa nan opinyon piblik la. Li te echwe. Men videyo temwanaj sou sa➡️ https://youtu.be/8RD4z7rWPnw?si=33m-DkyAlAofFI_2

Gen yon pati nan dwazimen peyi dayiti ki pouri nèt e ki mete nou kote nou ye jodia. Pierre Esperance, Gédéon Jean ak Samuel Madistin se 3 dwazimen politik ki fè lajistis, sektè dwazimen ak sekirite peyi dayiti ampil tò. Pagen pi gwo defansè oligak pase yo. Se yo kap fèt e defèt nan pouvwa jidisyè ak dwazimen depi plis 25 lane.

Yo enplike nan tout tantativ koudeta pouvwa jidisyè a fè depi 2018. Pou verifye gade ti videyo sa➡️ https://youtu.be/GjkqW_nS1W4?si=cStRS8Qh7UMeVRwZ

Dènye kou yo bay 40 mwa apre asasina Prezidan Jovenel Moise, yo pran Walther Wesser Voltaire yon Jij Verite-Inite Minis Jistis Paul Denis te nonmen, yo metel kòm Jij enstriksyon sou dosye ankèt asasina Prezidan Jovenel Moïse. Rapò final la ak òdonans lan se avoka Boulos ak André Michel ki ekril pou Jij kowonpi sa.

Bay demokrasi kou bliye men pèp ki pote mak sonje. Peyi dayiti pap pran koudeta elektoral nan men Gédéon Jean. Pap gen eleksyon lib ak Gédéon Jean nan KEP.

Yon manm konsèy elektoral paka patizan. Yon moun ki nan tout tantativ koudeta depi 2018 paka manm konsèy elektoral. Si Gédéon Jean vle pòs ak pouvwa politik ke li ale nan eleksyon. Li paka kontinye ap pran pòz dwazimen pou bay peyi a kou.