Otè Anbasadè Stanley Lucas

Aristide pati kite ayiti li ale Cuba kèk jou anvan asasen yo touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021. Ekip Aristide la fè konnen li tal lopital Cuba paske li te gen maladi kowonaviris. Apre kèk jou, lè kontak fèt ak lopital Cuba yo konfime Aristide pat janm genyen okenn kowonaviris toutbon. Li bay tout moun manti. Tout demonstrasyon ki tap fèt nan aewopò pòtoprens pou montre Aristide yap pote soti nan yon anbilans se te teyat. Poukisa? Nou pral esayé analize sa pou nou ka wè klè. Gade rapèl sa ➡️ https://lefloridien.com/web/covid-19-jean-bertrand-aristide-evacue-en-urgence-vers-cuba/

John Joel Joseph se te yon chèf gang Site Solèy. Se Aristide ki kreye chef gang sa. Lè Aristide kite peyi a apre 2004, Dimitri Vorbe, Preval, Kato ak mesyedam Verite-Inite yo rekipere John Joel Joseph ak plizyè lòt chef gang Site Solèy. Se ekip Verite-Inite sa kapral pran kèk gang nan Site Solèy ak program atis pou lapè epi enstale yo Matisan ak Kafou. Anvan zònn sa yo pat gen gang. Lè eleksyon 2006 rive Preval, Vorbe fè John Joel Joseph senatè lwès. Pral gen plizyè chef gang ki pral rantre nan pouvwa lejislatif la kòm palmantè. Pa bliye se ak gang yo Preval anvayi otèl Montana pou bloke dezyèm tou epi volè eleksyon yo. Oligak gwoup de boudon ak gwoup blakawout ki te fon nan Preval ak blan kowonpi ede tou.

Se yo ak Preval, Verite-Inite ki volè anpil byen leta ki rapòte lajan. Yo vòlè teleco, minotri, varreux, siman dayiti elatrye.

Lè John Joel Joseph rive nan palman an, li sèvi ak iminite palmantè pou kreye anpil gang ki te pran pòz sekirite li nan palman an. Ampil manm sekirite palmantè se te gang. Plizyè palmantè Verite-Inite ak lavalas pral monte gang nan pòtoprens, Latibonit ak Grandans. Kato (Verite-Inite) pral monte gang baz Cameroun ak ti makak. Lap monte gang sou bèlè tou. Tande ti echanj sa➡️ https://youtu.be/Y99UxQaOkPg?si=ea4iL9ZqaqTUE6D7

Depite Printemps Belizaire (lavalas) pral monte gang nan gran ravine. Se li ki touye jounalis Vlajdimir Legagneur ki tap mennen yon ankèt nan gran ravine. Printemps Belizaire tèlman alèz nan gang e nan violans politik, li deklare nan figi tout jounalis ki te nan sal seyans palman an li abitye touye moun e rache moun, Tande deklarayon sa yo la➡️ https://youtu.be/XZEiP3xIkPU?si=hEd5dD02rQk7rTAc

Lajistis pouri ki nan men yo pa janm konvoke okenn nan asasen sa yo.

Apre krim deta 7 Jiyè 2021, lajistis peyi dayiti te sible John Joel Joseph kòm youn nan asasen ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Ak gwo konplisite oligak Dimitri Vorbe, li sove al kache nan peyi Jamaique anvan lajistis peyi dayiti ki te gen avi rechèch pou li mete men sou li. Lè lapolis Jamaique ap aretel John Joel ofri yo 2 milyon dola vèt cash pou yo pa fè sa. Yo marel kanmem. Madanm ki te ak li kenbe kòb la. Apre sa lajistis meriken ekstrade li Florida. Depi lè sa gen yon jwèt koken kap fèt onivo lajistis meriken. Tout dosye ki gen gwo kakachat sou asasina a klase sekrè. Li klè gen blan meriken kowonpi ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse san Prezidan Biden pat okouran. Arcangel Pretel ki se youn nan moun kap travay pou FBI nouyòk depi 2017 anbakòd pou enplikasyon li nan asasina Prezidan Jovenel. Na tounen sou dosye sa yon lòt lè.

Lè ou konsidere relasyon ki ekziste ant Aristide ak John Joel Joseph kesyon kap poze ki poko janm jwen repons, eske Aristide te sèlman okouran alavans John Joel Joseph ta pral touye Prezidan Jovenel Moïse epi li kouri al kache Cuba oubyen eske li patisipe tou nan planifikasyon krim sa?

Men yon ti rapèl sou sakpase apre asasina Prezidan Jovenel Moïse,
7 Jiyè 2021 pèp la te pran lari pou chache Reginald Boulos, Dimitri Vorbe ak plizyè lòt oligak ak politisyen ki pandan plizyè mwa anvan krim nan te fè gwo menas sou radyo kote yo di yo pral touye Prezidan Jovenel Moïse. Men 2 videyo rafrechi memwa sou menas sa yo:

  1. https://youtu.be/mv7yX2JIEFQ?si=AguXQEN0wZTrK8Jt
  2. https://youtu.be/LtmyNhsmMCo?si=RLeN8vsz0x8RBXUE

Apre krim nan, lajistis te kòmanse mache sou kriminèl yo. 9 Jiyè 2021 lajistis te gentan voye manda pou Reginald Boulos, Dimitri Vorbe, Jean Marie Vorbe ak Jerry Tardieu ke nom li te site nan touye Prezidan Preval. Men kopi manda yo ak referans ➡️

  1. https://lenouvelliste.com/article/169307/enquete-sur-la-mort-subite-de-rene-preval-le-depute-jerry-tardieu-auditionne

Lè asasen yo wè lajistis ap mache vit sou yo. Yo fè yon koudeta pou pran kontwòl gouvènman an. Premye Minis Ariel Henry (Verite-Inite) ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse lamenm li monte, pou sabote epi bloke ankèt la, revoke minis jistis Rockefeller Vincent ak komisè Bedford Claude. Apre sa, pou pwoteje kriminèl yo, Ariel nonmen avoka oligak Dimitri Vorbe, Bertho Dorce, on nèg lajistis ak lapolis te arete pou trafik dwòg nan nip, minis jistis. Ariel nonmen tou ilegalman 8 moun pali nan kou kasasyon, yon moun pali nan tribinal premyè enstans e 58 Jij. Gade 2 lyen sa yo pou plis detay:

  1. https://lenouvelliste.com/article/234420/nomination-des-juges-a-la-cour-de-cassation-des-organisations-mettent-en-garde-le-premier-ministre
  2. https://lenouvelliste.com/article/234420/nomination-des-juges-a-la-cour-de-cassation-des-organisations-mettent-en-garde-le-premier-ministre

Pa bliye konstitisyon an di de sèl yon Sena konstitisyonèl ak yon prezidan konstitisyonèl ke pèp la chwazi nan eleksyon ki gen dwa, otorite ak lejitimite pou mete Jij nan kou kasasyon. Gouvènman pwovizwa pa gen otorite sa. Nominasyon sa yo ilegal.

Apre sa Ariel ak konplis li nan lajistis nonmen Walther Wesser Voltaire yon Jij enstriksyon kowonpi pou antere ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise. Dapre plizyè sous se avoka oligak Reginald Boulos, Samuel Madistin ak André Michel ki ekri rapò ankèt ak òdonans sou asasina Prezidan Jovenel Moise sou je Pierre Esperance kòm liezon. Pa bliye Esperance manipile dosye lasalin ak Jij Morin ki te sèvi kòm jistifikasyon pou li te fè Jij Jean Roger Noelcius ekri yon manda sekrè ilegal ke yo pral itilize kòm baz pou touye Prezidan Jovenel. Tout moun konnen ou pa kapab gen 2 Jij enstriksyon anmenm tan sou yon dosye. Sa ilegal. Morin ak Noelcius te sou dosye lasalin nan anmenm tan.

Apre 40 nwa kesyon eske Aristide enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moise la retounen ankò paske lè kabinè premye minis defakto Fils-Aime tap monte Aristide goumen pou te mete Bernard Saint Vil minis jistis. Li echwe paske Fils-Aime mete pito avoka privé li minis jistis. Poukisa Aristide fè demach sa?

Nou konnen lè te gen kowòdinasyon ilegal ant 2 jij enstriksyon yo Morin ak Noelcius sou dosye lasalin nan, sa paka fèt san kolaborasyon dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens. Alepòk se te Bernard Saint Vil ki te dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens ki fasilite 2 ilegalite sa yo. Premye a 2 jij kap kowòdone an sekrè sou dosye lasalin nan. Epi dezyèm nan manda sekrè ilegal ki fèt kont yon prezidan an fonksyone Jovenel Moise. Se manda sa kriminèl yo pral itilize pou fè tantativ koudeta epi touye prezidan an. Men yon ti videyo rafrechi memwa sou koripsyon lajistis ➡️ https://youtu.be/GjkqW_nS1W4?si=rQ9O7E-7eg28Gutv

Depi koudeta 3 Avril 2024 kote CPT volè pouvwa leta dayiti, kesyon eske Aristide patisipe tou nan konplo pou touye Prezidan Jovenel Moise rete antye e vinn ranfòse. Fòk nou jwen repons lan.