Otè Stanley Lucas

3 Avril 2024 Oligak yo mete ak plizyè lidè politik epi 3 manm kowonpi CARICOM pou fè yon koudeta ki favorize lavalas. Koudeta sa kreye yon bèt ki rele CPT ki pa nan konstitisyon an. Atik 149 manman lwa peyi dayiti klè tankou dlo kòk. Li di lè yo touye yon Prezidan, si pa gen palman pou chwazi yon prezidan provizwa se yon premye minis ak kabinè minis ki dwe dirije pouvwa ekzekitif jiskaske eleksyon fèt. Konstitisyon an pa gen ni CPT ni kou kasasyon ladanl. Sakfèt 3 Avril la ak zanmi pouchis lavalas genyen nan CARICOM ak 2 blan kowonpi ki kache dèyè yo se yon koudeta. Etranjè volè sa yo vle piye sak anba tè Ayiti. Zak ilegal manm CPT yo ap poze nan nom leta tankou volè kòb ransèyman, volè kòb nan BNC, volè kòb ki debloke pou viktim, voye kòb bay gang, touye militan Dikson ki tap fè liezon a gang yo pou CPT, siyen arete frodè pou mete premye minis konsidere kòm krim de ot trayizon. Moman an pral rive pou pèp la kouri dèyè yo epi korije kaye yo