Otè Stanley Lucas*

Depi 1995 lè Aristide finn kraze lame epi tabli gang tankou lame wouj, lame rat, lame ti manchèt, lame kanibal, Dòmi nan bwa, bale wouze gang yo dekouvri enpòtans yo nan zafè politik, eleksyon, trafik dwòg, lajan leta, kidnaping ak lòt aktivite kriminèl. Plizyè lòt sektè a kravat rantre nan kreyasyon gang. Sektè sa yo, ansyen prezidan, oligak, lidè politik, ansyen palmantè tounen yon machine ka ponn gang tankou poul ka ponn ze nan katye popilè nan Pòtoprens ak latibonit.

Pou kanpe ensekirite a fòk nou kraze gang ak kravat anvan nou kraze gang a sapat yo. Gang a sapat yo pa gen pò pou fè zam ak bal rantre nan peyi dayiti. Gang ak sapat pa gen bank pou fè transfè kòb aletranje. Gang ak sapat pa konnen sak rele paradi fiskal. Gang a sapat pa gen kontak pou achte zam aletranje. Gang a sapat pa gen kontwòl sistè jidisyè kap lage gang. Se gang a kravat ki gen tout kontwòl sa yo. Se gang a kravat ki sous prensipal ensekirite a. Se gang a kravat yo, chak fwa yon chef gang yon solda gang tonbe yo ranplasel pa yon lòt ti jènn nan katye popilè yo nan bayo zam, bal ak tekefòn.

Pou kraze ensekirite a nou dwe atake epi kraze gang a kravat yo. Kraze gang CPT ak lòt gang ki nan leta. Kraze oligak ki nan gang. Kraze lidè politik ak ansyen palmantè ki nan gang.

Apre sa, desann atè a pou kraze gang ak sapat yo pou kanpe reprodiksyon ak kontinite gang a sapat yo. Gang ak kravat yo tèlmam pwuisan yo touye Prezidan Jovenel Moise epi ekri rapò ak òdonams asasina a. Gang a kravat yo se boss ensekirite. Si gen yon premye minis ak gouvènman ki pa nan gang sekirite ka retabli an 6 mwa ayiti.

*Anbasadè Stanley Lucas