Pou nou arive fè dekantasyon an,nou dwe konnen kisa jesyon an ye, eskel se yon syans ou yon ar oubyen li tou de a la fwa e konbyen tip jesyon ki genyen?
Kisa tèm jesyon an sinifi?
Tèm jesyon an nan vèb anglè « To menage » gen yon etimoloji trè ansyen,se yon demach rasyionèl ki asire konbinezon resous yo nan bi pou rive atenn youn ou plizyè objektif predefini.
Tèm jesyon an desinye yon ansanm planifikasyon, òganizasyon,direksyon ak kontwòl sou travay yap reyalize anndan yon antrepriz pou rive nan objektif li te vize a.
Eske jesyon an se yon art ou yon syans ?
Selon Créner ak Monteil, jesyon an se yon fason w dirije ew jere yon antrepriz,yon òganizasyon,fason w òganize yon aktivite,janw fikse objektif yo,yo itilize lòm pi souvan pou resous materyèl yo machin teknyolojik yo nan lide pou rann yon rezilta efikas nan antrepriz sila a,gen de mòd jesyon : jesyon entwitif ak jesyon eksperimantal .
Konnya nap kapab idantifye jesyon kòm yom syans ou byen art!
Eskel se yom syans ?
Jesyon se yon syans paske l fonde sou metòd ak teknik ki apiye sou fè syantifik e metodolojik.Byen kel pa gen yon metodolji pwòp , jesyon se yon syans paske l fè apèl avèk lòt syans poul bay rezilta,men kék nan syans yo(Matematik,estatistik,sosyoloji,ekonomi etc), li se yon syans paskel se yon ansanm konesans ki byen òganize.
Poukisal se yon art ?
Si nou defini art lan tankou yon konpetans ou yon aptitid pèsonèl , jesyon an gen yon sèten konpozan atistik ki releve (vizyon,entwisyon,enspirayon,kreativite etc).donk jesyon plis jesyon an stab li se yon science plis gen aktivite li se yon art.
Men konbyen mòd jesyon ki genyen:
- jesyon ki asosye ak chaj antrepriz la tankou:jesyonè rezidan, sa vle di ki nan tèt antrepriz la ( jesyon otonòm),anplwaye a( otojesyon) ak kontraktyèl( jesyonè ekstèn).
- ~NB.men kèlke konsèy kap pèmèt antrepriz la byen mache:~
- -fòk vizyon w ale pi lwen pase limit antrepriz la
-Motive ekip ou nan yon fason pozitif
-Fòk gen yon jesyon efikas ak finansyè
-fòk moun yo gen menm vizyon
-Fòk yo resevwa menm tretman.
-analyze rezilta yo,estrateji etc.