Pa Anbasadè Stanley Lucas*

Bay kou bliye pote mak sonje

Sistèm jidisyè jwe yon gwo wòl nan ede oligak ak politisyen ki restavèk yo kraze enstitisyon peyi dayiti. An gade kronoloji evenman ki abouti a asasina 58èm prezidan dayiti Jovenel Moïse

  • Oligak ki patka volè leta ankò nan kouran, sifaktirasyon wout, gaz, dola elatriye péyé kèk radyo pou sal karaktè Prezidan Jovenel pou kreye kondisyon politik pou fè violans epi pou éliminé li
  • Plizyè tantativ koudeta fèt pandan 4 an edemi pou éliminé Prezidan Jovenel Moïse;
  • Jij ak militan dwazimen trafike kont labank fami prezidan an ak madanm li pou fabrike yon dosye enkilpe. Yo fè 4 milyon goud ki te sou kont lan tounen 4 milyon dola vèt pou fabrike dosye a. Si yo ka fè yon prezidan sa ou menm sitwayen ou pa alabri. Pèson pa péyé pou montaj sa. Sistèm jidisyè ki pouri proteje kriminel ki fè montaj sa;
  • Prezidan Jovenel Moise nan refòm li fè koupe sistèm koripsyon oligak petyonvil te mete ki te pèmet yo volè plizyè milya dola vèt leta chak ane nan kouran, gaz, dola, wout elatrye;
  • Prezidan Jovenel Moise eksplike laprès plizyè fwa menas oligak yo fè sou lavi li kote yo dil si li kontinye nan koupe kontra kouran ak lòt kontra koripsyon yo yap touyel;
  • Jij enstriksyon Jean Roger Noelcius ki fè pati de rezo jidisyè pouri peyi dayiti fè yon manda ilegal kont Prezidan Jovenel Moise 18 Fevrier 2019 epi kouri kache Canada;
  • Tantativ fèt pou touye Prezidan Jovenel Moïse nan Tibwa 7 Fevrier 2021 ak manda ilegal jij Jean Roger Noelcius. Tantativ la echwe;
  • Mafya jidisyè peyi dayiti touye prezidan pouvwa jidisyè peyi dayiti René Sylvestre paske li tapral revoke plis pase 70 jij kowonpi epi yo pran pòz se kowonaviris ki touyel. René Sylvestre pat renouvelé manda anpil nan jij pouri sa yo;
  • Yon jij kou kasasyon ki fè pati de rezo jidisyè pouri a Joseph Mécéne avek èd André Michel fè diskou 7 Fevrier  pa kapab prezidan pwovizwa ankò;
  • 7 Fevrier 2021 yon lòt jij pouri kou kasasyon Ivickel Dabresil fè tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse nan tibwa ak sipò oligak Vorbe epi kèk eleman lapolis.
  • Asasen yo touye Prezidan Jovenel Moise epi blese pa bal Premyè Dam Martine Moïse lakay yo 7 Jiyè 2021;
  • Lapolis lage avi rechèch dèyè yon lòt jij pouri kou kasasyon Wendelle Coq ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Li te gen foli prezidan pwovizwa epi Ariel tap premye minis li pou 3 mwa. Oligak ak politisyen asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse ap proteje li depi 25 mwa. Gen yon militan dwa moun Gedeon Jean ki tal fè magouy nan koudèkont ak Rogavil Boisguene ak 2 jounalis ki tal esaye fè teyat nan radyo pou esaye remete asasen sa sou moun. Yo echwe;
  • Jij de Pè Carl Henry Destin fè konsta kay Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021. Apre konsta komisè gouvènman Bedford Claude bay DCPJ yon delegasyon pouvwa pou mennen yon ankèt sou asasina prezidan an;
  • Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) realize ankèt sou asasina Prezidan Jovenel epi pibliye rapo li;
  • Apre rekèt plent pati politi Viv Ayiti ki depoze nan pakè potoprens Komisè Gouvènman Bedford Claude reyalize yon ankèt bò kot konpayi telefonn Digicel pou mande yon rapo sou telefonn Premye Minis defakto Ariel Henry. Imediatman konpayi te voye rapo a ki te montre nan moman krim nan Premye Minis defakto Ariel Henry tap kominike ak youn nan otè krim nan Felix Badio Joseph ki limenm te nan lieu krim nan e PM defakto te tou pre nan otel montana petyonvil;
  • Komisè Bedford Claude voye manda 9 Jiyè 2021 pou oligak Dimitri Vorbe, Reginald Boulos, Jean Marie Vorbe elatrye ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse;
  • Komisè Gouvènman Bedford Claude voye lèt pou konvoke Premye Minis defakto Ariel Henry pou li te vinn bay enplikasyon sou asasina Prezidan Jovenel Moïse;
  • Ok OMGPremye Minis defakto Ariel Henry menase minis lajistis Rockefeller Vincent ak Komisè Gouvènman Bedford Claude poutèt lajistis tap mache sou asasen yo. Amplis premye minis defakto a bay komisè gouvènman Bedford Claude lòd ilegal pou ke lòt manda lap voye pou moun ki enplike nan asasina Prezidan an dwe apwouve pa limenm;
  • Komisè Bedford voye nan kabinè enstriksyon rekizitwa sipletif enfome sou asasina Prezidan Jovenel Moïse ki bay wòl Ariel Henry:
  • Komisè Gouvènman Bedford Claude mete entèdiksyon depa pou Premye Minis defakto Ariel Henry;
  • Lè nom jij enstriksyon Mathieu Chanlatte parèt kòm jij ki tapral responsab ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse, pou kaponnen li kòm jij entèg asasen yo touye grefye li Yves Lafortune. Apre krim sa jij la ki pè pou asasen yo pa touyel depòte tèt li:
  • Pou fè obstriksyon a lajistis Premye Minis Ariel Henry revoke minis jistis Rockefeller Vincent ak Komisè Gouvènman Bedford Claude:
  • Pou kontinye fè obstriksyon a lajistis epi sabote ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse, Premye Minis defakto Ariel Henry nonmen Berto Dorce avoka Dimitri Vorbe ak sogener minis jistis;
  • Toujou pou fè obstriksyon epi sabote lajistis Premye Minis Ariel Henry nonmen 6 atoufè nan CSPJ, 8 atoufè nan kou kasasyon epi plizyè lòt atoufè nan tribinal premyè enstans potoprens epi kòm jij enstriksyon. Lajistis nan men asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse ak mafya jidisyè ki patisipe nan touyel. Presyon popilè ak diaspora pou jistis mete 2 pye jij kowonpi ak asasen yo nan yon grenn soulye;
  • Fanmi Moïse depoze plent devan lajistis ayiti epi etazini kont Ariel Henry ak lòt asasen yo pou enplikasyon nan touye Prezidan Jovenel Moïse epi tantativ pou touye Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021;
  • Premye Minis defakto Ariel Henry menase ex Premyè Dam Martine Moïse apre li depoze plent pou li devan lajistis. Epi pou kaponnen li 2 jou apre li pote plent kont kriminel yo, asasen yo tire sou nouvo kay ansyen Premyè Dam Martine Moïse te fèk lwe potoprens. Li te blije kouri kite kay la pou asasen yo pat touyel;
  • Jij enstriksyon Gary Aurélien sou yon odyo verifye fè konnen ankèt li jwen Ariel Henry enplike jis nan kou nan touye Prezidan Jovenel Moïse men li paka arete Ariel paske lavi li epi lavi fanmi li menase;
  • Tantativ Bernard Saint Vil dwayen tribinal premyè enstans pou proteje Ariel Henry nan esaye voye jeté rekizitwa sipletif enfome ki te nan kabinè enstriksyon. Epi li anile san okenn nouvo eleman entèdiksyon depa Komisè Gouvènman Bedford Claude te mete sou premye minis defakto Ariel Henry;
  • Bernard Saint Vil chwazi Jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire ki soti nan menm pati politik Inite pou proteje oligak Vorbe ki finanse Inite ansanm ak Ariel Henry ki nan Inite. John Joel Joseph ki soti tou nan Inite nan men lajistis meriken epi Felix Badio Joseph ki te chèf kanpay John Joel Joseph ak Dimitri Vorbe nan mawon paske lapolis lage manda dèyèl pou enplikasyon li nan touye prezidan an;
  • Beto Dorce oligak Vorbe yo mete kòm minis jistis plase plizyè eleman oganizasyon kriminel Fantom 509 Vorbe kontwole nan pozisyon kle nan lapolis la epi li fè lage kèk ki te nan prizon;
  • Apre plizyè enfòmasyon a karaktè politik soti nan laprès sou enstriksyon ankèt asasina Prezidan Jovenel pou oryante politikman opinyon piblik sou ankèt la pou proteje gwo kriminel yo, avoka fanmi Moïse rekize jij Walther Wesser Voltaire ki tap fè politik Inite pa anba;
  • Rodolphe Jaar ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse bay jounalis nouyok times, Anatoly Kamanev, nom Ariel Henry kòm youn nan moun ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Enfomasyon sa soti 10 Janvye 2022;
  • Jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire nan jwèt politik Inite lap mennen envite via Komisè Gouvènman an Premye Minis defakto Ariel Henry kòm temwen malgré tout enfomasyon jidisyè li genyen. Yon bagay Komisè Gouvènman Bedford Claude te deja fè se pousa Ariel te revoke l pou bloke lajistis;
  • An 25 mwa malgré manda ki te délivré pou oligak Dimitri Vorbe, Reginald Boulos, Jean Marie Vorbe ekate depi 9 Jiyè 2021 jij Walther Wesser Voltaire pa janm konvoke ale wè pou arete oligak patron li yo;

Kisa ki chanje ki fè li konvoke Ariel? Boss Jij la kòmanse enpasyan. Yo te vle blanchi epi antere dosye asasina Prezidan Jovenel Moise men fas a presyon popilè yo paka fèl malgré montaj yo voye jounalis yo péyé byen fè sou radyo. 25 mwa apre Jojo ak Martine Moïse kroke nan gòj yo pired malgré tout kòb oligak yo, Ariel, mafya jidisyè péyé 5 jounalis nan laprès pou fè divèsyon. Pèp la pa égaré. Tout sa ki kole, asosye ak sistèm sa ap kraze avek li.

Anbasadè Stanley Lucas se yon spesyalis nan devlopman politik ki travay nan amerik latine, Afrik, Afghanistan ak Mwayen Oryan. Li te konseye spesyal Prezidan Jovenel Moïse