Pa Anbasadè Stanley Lucas*

Lè oligak ak politisyen finn mete ak blan kriminel pou touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021, apre kèk jou nan mawon poutèt pèp la te nan lari, avek èd Madan Lalime yo pote bouré nan reyinyon anbasad oganize yo pran kontwol pouvwa leta 20 Jiyè 2021 ki te nan men Premye Minis Claude Joseph. Nan reyinyon anbasad sa yo Ariel Henry rale arete nominasyonl ki te kay Prezidan Jovenel Moïse lè asasen yo touyel. Se nan enstalasyon yo tapral remèt Ariel arete a. Ariel poko janm eksplike peyi a kijan fè arete sa ki te kay prezidan an lè yo touyel te gentan nan men li.

Jodia fè asasen yo 2 zan nan tèt leta dayiti. Kisa bilan 2 lane rejim pouchis sa nan tèt leta reprezante? Yo te di lè Prezidan Jovenel pa la ankò tout bagay tap fonksyone byen. Eske yo rive fè sa?

Pandan 2 zan ajanda Ariel Henry, SDP, PHTK, Inite, Pitit Dessalines, Lavalas, Pont, Fusion, RDNP elatrye chita sou yon sèl lojik kijan pou yo rete plis tan sou pouvwa a epi gagote. Apa ajanda sa, yo délivré tout avantaj ekonomik yo bay oligak ak politisyen yo fè kado kòb a travè akò kap siyen. Pandan 2 zan Premye Minis defakto Ariel Henry ekate pèp la nan tout desizyon politik ak ekonomik peyi dayiti. Pandan 2 zan ti rès la se te pou oligak ak politisyen ki se esklav a talan akò yo. Men yon ti rezime sou bilan ekonomik, politik epi sosyal ekip sa pandan e zan:

Bilan ekonomik 24 mwa
Bilan ekonomik Ariel katastrofik. Pandan 2 zan li okipe de byennèt ekonomik oligak yo ak politisyen kap fè sousou pou li. Tout kote Prezidan Jovenel Moïse te koupe koripsyon oligak nan leta a, kouran, gaz, dola, lavichè elatrye Ariel Henry retounen avek yo. Men yon ti rezime bilan ekonomik Ariel pou 2 zan:

  • Enflasyon reyèl la a 60%
  • Ou bezwen ant 143 epi 150 goud pou achte 1 dola vèt selon kotew ye
  • Kwasans ekonomik negatif
  • Pandan 24 mwa nan gaz Ariel Henry ede 5 oligak petyonvil volè 2 milya 160 milyon dola vèt kòb leta ak kòb nan pòch malere.
  • Pandan 24 mwa nan lavichè Ariel Henry ede oligak petyonvil volè nan pòch malere 1 milya 440 milyon dola vèt tèlman yo monte pwodwui premyè nesesite yo
  • Pandan 24 mwa Ariel Henry ede oligak ki nan blakawout volè 600 milyon dola vèt epi kraze EDH pou pèp la pa jwen kouran Prezidan Jovenel Moise te kòmanse bay. Oligak blakawout yo mete yon ansyen amplwaye sogener direktè EDH pou bloke, sabote epi volè
  • Pandan 24 mwa yo foure men nan 400 milyon dola vèt bank santral pou kore oligak ki nan enpotasyon
  • An 24 mwa nan trafike to de chanj Ariel ede oligak yo volè 48 milya goud diaspora
  • Pandan 24 mwa leta ranmase ampil milya goud taks ladwann ak DGI. Kòb sa yo pa fè anyen pou pèp la. Kòb sa yo separe ant kowalisyon asasen ki nan tèt leta a pou achte machinn, achte bèl kay nan bèlvil, sendomeng, miami, nouyok, montreal, bwè tafya nan club asou petyonvil, domi chak swa nan otèl petyonvil, vwayaje ak pran plezi ak kob leta.
  • Pandan oligak ak politisyen ap kraze kòb leta, anplwaye leta, polisye, amplwaye meri ak casec pa touché
  • An 24 mwa Ariel Henry, oligak yo ak alkolit politik yo kraze 3 bidjè leta. Yon premye bidjè rektifikatif 197 milya goud kraze anyen pa fèt. Yon dezyèm bidjè 210 milya goud kraze anyen pa fèt pou malere. Yon twazyèm bidjè 267 milya 500 milyon goud kraze anyen pa fèt. An 24 mwa ototal yo kraze plis pase 400 milya goud san okenn projè pa fèt a travè peyi a
  • Pandan 24 mwa Ariel Henry proteje oligak yo ak gang epi ap pèsekite envestisè ki vle kreye travay
  • Pandan 24 mwa Ariel Henry ak oligak yo mete pye sou kou peyizan ak kowoperativ yo
  • Pandan 24 mwa Ariel Henry sabote program enfrastrikti Prezidan Jovenel Moise tap fè nan 10 depatman yo. Yap kraze tout matériel lou prezidan te achte pou bâti wout e ede agrikiltè.
  • Jodia 20 Jiyè 2023 baril gaz la onivo mondyal koute 74 dola vèt. Sa vle di jodia galon dizèl te dwe vann pou 163 goud an Ayiti. Ariel ak oligak yo ap vann li pou 620 goud galon. Sa vle di sou chak galon dizèl ki vann, oligak yo volè 457 goud nan pòch malere. Galon gazoline nan te dwe vann pou 201 goud. Ariel ak oligak yo vann galon gazoline pou 560 goud. Sa vle di pou chak galon gazoline malere achte oligak yo volè 359 goud. Galon kérosène te dwe vann pou 163 goud. Ariel ak oligak yo vann galon kérosène nan pou 615 goud. Sa vle di pou chak galon kérosène malere achte oligak yo volè 452 goud.
  • Yo blanchi 36 milyon dola vèt nan kidnaping
  • Yo fè ekspre yo pibliye yon dekrè enkonstitisyonel sou blanchiman kòb pou proteje kriminel. Yo konnen yo dekrè pa kapab anile 3 lwa. Depi kriminel al nan tribinal lap jis atake enkonstitisyonalite dekrè a epi lap lage. Ekspre yo fè Bilan politik 24 mwa


Bilan politik Ariel grav ampil. Li louvri pòt pou gang yo, li vann souverenete Ayiti, lajistis vinn restavèk oligak epi ap kore enpinite, ampil jij ki nonmen se kavalye polka atoufè yo, koripsyon ap vale teren epi akò ti zanmi ramplase konstitisyon ak eleksyon. Men bilan politik 2 zan Ariel Henry:

  • Pandan 24 mwa pou kenbe epi separe pouvwa san vòt pèp la ampil akò kreye pou mete pye sou kou konstitisyon an.
  • Pandan 24 mwa Ariel Henry kore ensekirite a ak gang yo. Gen plizyè minis ak gwo fonksyonè leta yo kenbe nan kidnaping, nan trafik zam ak nan gang
  • Asasina politik ogmante. Asasen yo touye lidè pati RDNP Eric Jean Baptiste pou wo konsèy tranzisyon (HCT) te ka siyen. Jiskaprezan pagen yon jij sou dosye Eric la. Yo touye DG EPPLS ansyen sénatè Buissereth. Yo touye 16 jounalis, kidnappé 6 epi menase 5.
  • An 24 mwa Ariel Henry politize epi pouri sistèm jidisyè. Yo nonmen ilegalman 6 malandren nan CSPJ, 8 atoufè nan kou kasasyon, plizyè jij nan tribinal premyè enstans epi jij enstriksyon. Menm jij ki sou dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse, dosye trafik zam podepè, dosye lasaline ak dosye CAS se politik yap fè.
  • Yo pran desizyon ilegal an konsèy dè minis pou kòb pou lage dilè dwog meksiken lajistis peyi dayiti te deja kondane
  • Pandan 24 mwa Ariel Henry, oligak yo ak politisyen asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse esaye sabote dosye ankèt la yo echwe. Jij la ki paka délivré sa yo te mandel kòmanse atake viktim yo.
  • Asasen yo te esaye banalize komemorasyon premye ane asasina Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2022, yo echwe. Yo bay kòb, enfiltre pou sabote dezyèm ane komemorasyon asasina Prezidan Jovenel 7 Jiyè 2023, yo echwe ankò. Apre asasina Anperè Dessalines oligak yo o te esaye banalize 17 oktob tou, yo echwe.
  • Pandan 24 mwa Ariel Henry fè plizyè tantativ ilegal pou lage solda kolonbi ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Li echwe
  • Ariel Henry kraze konsey elektoral la pou eleksyon pa fèt pou rete plis tan sou pouvwa a
  • Depi plizyè mwa lap esaye mete yon konsey elektoral moun pa pou fè koudeta elektoral pou li
  • Diplomasi Ariel Henry chita nan mande okipasyon militè etranje olye li mande zam ak elikoptè konba pou lame ak lapolis
  • Kanta pou koripsyon depi 24 mwa lap vale teren ak ampil vitèss
  • Kat dèmalòg la tèlman bon André Michel, Kato, Nènèl, Beauplan, Youri, Moïse sèvi avek li

Bilan Sosyal 24 mwa
Gouvènman sa pa genyen okenn sansibilite sosyal. Yo pa tande rèl, mizè, soufrans pèp la. Malere ap soufri. Kitemele yo. Afè yo ak afè oligak ap mache byen. Men yon ti analiz bilan sosya Ariel Henry:

  • Gouvènman Ariel Henry sabote tout envestisman Prezidan Jovenel te fè pou ranfòse sistèm santé piblik pandan pandemi kowonaviris. Pèson paka di kote 478 tònn materyèl medikal leta te achte pase.
  • Lopital Ofatma Prezidan Jovenel Moïse bâti nan podepè pou ede santé pèp nodwes sabote
  • 27 lekòl ak 10 lise modèl ki te dwe bâti sabote.
  • Dola senkant diaspora ki te dwe edikasyon pèp la ap separe
  • Program lojman sosyo pou polisye yo kraze
  • Politik migwatwa sovaj ampil epi fè peyi pèdi tout sosyo pwofesyonel leta envesti pou fome yo.
  • Viktim tranbleman de tè 14 Out 2021 pa jwen anyen

Konklizyon
Kalte dirijan sa yo kap travay pou oligak ak blan kowonpi epi kriminel reprezante yon menas pou tout ayisien kap viv Ayiti e nan diaspora a. Nan moman sa premye solisyon a danje sa rele bwa kale. Anmenm tou li ta bon pandan bwa kale a ak goumen a mechan, konfòmeman a atik 149 konstitisyon an konsansis ta dwe fèt pou chwazi yon nouvo premye minis ak yon kabinè minis ki pa nan gang epi nan touye prezidan. Nouvo gouvènman sa ta dwe retabli sekirite, netwaye lajistis, oganize referandòm ak eleksyon lokal, lejislatif, prezidansyèl pou enstale 51em lejislati epi 59èm prezidan pou retablisman lòd konstitisyonel nan peyi dayiti. Apre sa mete yon jij santibon pou mare tout asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse.

  • Anbasadè Stanley Lucas se yon espesyalis nan devlopman politik ki travay nan Amerik Latine, Afrik, Afghanistan ak Mwayen Orian. Anbasadè Lucas te konseye espesyal Prezidan Jovenel Moise.